BÒN FÈT AKADEMI KREYÒL AYISYEN

BÒN FÈT AKADEMI KREYÒL AYISYEN

Mesaj Konsèy Administrasyon AKA a nan okazyon setyèm ( 7èm) anivèsè Akademi Kreyòl Ayisyen, 4 Desanm 2021

4 Desanm 2014 – 4 Desanm 2021, sèt (7) lane depi Akademi Kreyòl Ayisyen tabli ofisyèlman nan peyi d Ayiti kòm yon enstitisyon Leta endepandan. Sèt (7) lane depi gen yon asanble akademisyen-fanm kou gason, ayisyen nan peyi a kou nan dyaspora a- ki ap reyini, brase lide epi travay yon mannyè pou :

􀀁Fòse Lang kreyòl la jwenn plas li merite a nan sosyete peyi d Ayiti nan tout nivo, nan tout sektè, tankou: edikasyon, lajistis, administrasyon, lasante, etsetera;

􀀁Ankouraje respè dwa lengwistik pèp ayisyen an;

􀀁Mete mwayen pou popilasyon ayisyen kapab sèvi ak lang kreyòl la kòm kòd ekri ;

􀀁Fè pwomosyon pou pwodiksyon dokiman syantifik, zèv literè ak tout kalite dokiman pou pèmèt moun vin pi maton nan gramè ak ekriti lang nan;

􀀁Ankouraje pou bon jan rechèch, tout kalite rechèch, fèt nan lang nan epi sou lang nan;

􀀁Mete plis lòd nan itilizasyon ak pratik lang kreyòl la.

Jounen jodi a, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), youn nan pi jenn enstitisyon Leta ayisyen, ap fè faskare ak tout pil pwoblèm sosyal ak pwoblèm ekonomik k ap brase bil tout enstitisyon ak tout sosyete a an jeneral. Kriz epidemi mondyal KOVID-19 la, mete sou fenomèn vyolans gang ak zam pa sispann fè nan peyi a, nan zòn kapital la pi espesyalman,

vin mete abse sou klou. Men, pandan ti tan egzistans enstitisyon an, Akademisyen yo pa janm sispann travay san relach pou yo monte yon kantite pwojè ki dwe pouse Akademi nou an vanse sou chemen akonplisman misyon li yo menmsi, malerezman, pi fò nan yo toujou bloke nan pasaj.

Jan gran pedagòg brezilyen an, Paolo Freire, renmen repete sa: “ Lit la pa bout, men li ap chanje fòm”. Batay Akademi Kreyòl Ayisyen an ap mennen pou lang kreyòl la ak pou defans dwa lengwistik pèp ayisyen an pa kanpe. Li p ap janm kanpe. Li ap pran lòt fòm. Li ap pran lòt faz, dapre tan ak sikonstans yo. Paske nou sèten , nou menm Akademisyen, nou p ap bat ba.

Nan okazyon patikilye sa a nan lavi Akademi Kreyòl Ayisyen an, Konsèy Administrasyon an gen yon panse espesyal pou tout akademisyen-fanm kou gason- ki deja pran devan nou yo : Akademisyen Max Beauvoir, Akademisyen Claude C. Pierre, Akademisyen Rachelle D. Beauvoir, Akademisyen Marcelle B. Racine ak Akademisyen Ernst Mirville ;

Konsèy Administrasyon an (KAd) wete chapo li byen ba devan tout akademisyen emerit yo : Akademisyen Max Manigat ak Akademisyen Odette Roy Fombrun, epi li swete tout akademisyen aktif yo bon kouraj nan lit san pran souf sa a.

KAd la gen yon mo espesyal tou pou angajman ak devouman ekip Sekretarya egzekitif la ki responsab kesyon operasyonalizasyon Akademi an, san nou pa bliye ekip Konsèy konsiltatif la pou devouman yo pou misyon Akademi an kontinye.

Batay nou ap mennen an mande anpil lespri angajman, anpil sans sakrifis ak anpil detèminasyon pou nou balize chemen an pou jenerasyon ki ap vini dèyè yo pa reviv tout tray nou ap pase yo pou nou fòse tèt nou rive viv nan yon sosyete ki pi jis epi ki gen lavi miyò pou tout moun san paspouki, poudayè, nou rekonèt fòk lang kreyòl la blayi tout kote san fòs kote.

KAd la di tout Akademisyen : Bòn fèt !

Tout anplwaye Administrasyon an, tout manm Konsèy Konsiltatif la, KAd la di nou: Bòn Fèt !

4 Desanm 2021
Konsèy Administrasyon Akademi Kreyòl Ayisyen
Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil, Prezidan
Akademisyen Michel Frantz Grandoit, Vis-Prezidan
Akademisyen Jean Grégory Calixte, Sekretè Jeneral
Akademisyen Samuel Jean-Baptiste, Konseye
Akademisyen Rosilia Francois Corneille, Konseye
Akademisyen Michel Emmanuel Bazile, Konseye
Akademisyen André Serge Bellegarde, Konseye.