REKA mete chapo ba pou 10 Akademisyen Kreyòl tou nèf

REKA mete chapo ba pou 10 Akademisyen Kreyòl tou nèf

ENTÈVANSYON POU ENSTALASYON 10 NOUVO AKADEMISYEN

NAN AKADEMI  KREYÒL AYISYEN

30 JEN 2022

Yvon Lamour

 

Salitasyon:
Mesye Rogeda Dorcé Dorcil, Prezidan
Manm Konsèy Administrasyon
Manm Sekretarya Ekzekitif
Akademisyen yo
Manm Konsèy Konsiltatif la
Manm tout lòt enstans ak biwo leta yo
Manm laprès
Mesyedam  Lasosyete,

Onè, Respè! Mwen genyen privilèj ak plezi pou mwen konplimante 10 nouvo akademisyen parèy mwen nan seremoni enstalasyon nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)  jodi jedi 30 jen 2022 a. Mwen vle salye fanmi nou, zanmi ak lòt relasyon toupatou ki konnen oswa wè Akademi Kreyòl Ayisyen ap enstale nou. Espwa mwen se pou nou chak resevwa epi  mete makòn onè sa yo anndan kè nou, amize nou pandan seremoni an, epi kòmanse di: “Viv kreyòl, lang manman ak papa nou!”

Ala bèl seremoni enstalasyon sa a bèl, lè nou ka sonje ki jan se sou zepòl anpil manm Akademi Kreyòl Ayisyen  an ki prezan ak nou nan moman sa a, san nou pa bliye zansèt yo ki pa te toujou resevwa glwa ofisyèl, men ki te travay pou yo te ka kite eritaj lang ak kilti a pou nou. Ki jan pou nou pa ta rekonesan anvè timoun ak granmoun k ap pran brimad, lè yo itilize lang lan nan plantasyon, nan  kay, nan lekòl, nan biwo, san nou pa bliye lari a?

Fyète ak privilèj sa a vin fè nou pale sou akèy ak antousyas k ap tann mesyedam nouvo Akademisyen yo anndan enstitisyon an. Vini ak lide pou nou benefisye epi kontribye. Kidonk, vini pou nou aprann epi pataje konesans nou, prensipalman nan yon ekwasyon bay epi pran.

Si Pauris Jean-Baptiste ak Monseyè Pierre André  Pierre, nan asistans lan, n ap salye yo pou lidèchip yo te bay AKA kòm 2 ansyen prezidan. NOu vle resalye Prezidan Rogeda Dorcé Dorcil pou kontinuite ak lavni AKA l ap rapousuiv nan zanzèt yo.

Kite  mwen pwofite konplimante tout akademisyen ak lòt moun ki konn travay pou avansman lang lan, paske mwen santi se sou zepòl yo nou chita pou nou rive menm genyen ekzistans Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA). Nòmalman, se sou plizyè zepòl nou  kanpe pou nou mennen travay la jodi a.

Mwen ta renmen simen plizyè laye konpliman pou chak grenn pami 10 nouvo Akademisyen parèy  mwen yo  ki nan asistans ak fanmi yo, zanmi yo, kòlèg yo, pitit oswa pitit pitit yo, kit sou zoom, kit nan sal kote seremoni an ap fèt la.

Dizondi, plen travay ki bezwen fèt nan divès  komisyon tankou Komisyon Bidjè ak finans, kominikasyon ak relasyon piblik, jiridik, lajenès, edikasyon, ak revizyon si mwen ka site sila yo sèlman. Pa bliye kenbe anba ponyèt nou dokiman tankou Lwa kreyasyon Akademi kreyòl la ak Règleman entèn akademi an. Materyèl sa yo genyen materyo ak zouti n ap bezwen pou fonksyònman ak rapò nou avèk divès endividi ak lòt antite nan zantray enstitisyon Akademi KreyòlAyisyen an.

Pa manke espas pou noumenm nouvo Akademisyen yo vin itilize konesans, konpetans, eksperyans ak pasyon nou genyen pou devlòpman ak avansman lang kreyòl la. Kèlkeswa nan domèn nou maton an, n ap kapab itlize li nan akademi an, paske gen anpil domèn ak disiplin lasyans lang kreyòl la bezwen pale langaj yo. Pami nou 10 nouvo akademisyen parèy mwen yo, si nou debake  ak konesans fizik nikleyè, lasyans wobotik, oswa  syans ijyèn ak ibanizasyon, poutèt nou vle fè tout sa nou konnen an kreyòl epi fè yo pale kreyòl, enben nou rive nan bon kote k ap tann nou pou nou vin travay, epi mete men nan pat la, wi.

Wè pa wè, nou bezwen manm ki ka travay pou fè kreyòl itil nan pwogrè popilasyon an, pou ede chak ayisyen  reflechi sou latriye pwoblematik ki devan yo, devan sosyete a, epi devan peyi a. Lasyans, listwa ak eksperyans montre ki jan se lang matènèl  ki premye zouti moun bezwen pou rete pwodiktif, epi fè konesans ak anviwònman kote yo leve. Konsa, bay lebra, kole zepòl, kole sèvo anndan Akademi Keròl Ayisyen se bon wout pou pwodui epi simaye travay ak aksyon k ap mennen lang ak kilti a pi lwen, pi devan.

Atò a, fòk nou pouse kreyòl kòm zouti pou aprantisaj tout kalite. Kòm zouti aprantisaj pou alfabetizasyon ak konsyantizasyon nan mitan lokitè yo. Pawòl la di:“ Moun ki gen konesans toujou pi swaf pou yo aprann epi laji eksperyans yo.” Kidonk, akòz konesans lang lan ak syans lengwistik se bon zouti pou travay lang lan, pare pou nou aprann plis ni sou lang lan ni sou lengwistik.

Ositou, poutèt Akdemisyen yo, sekretarya ekzekitif la, konseye konsiltatif yo ak lòt antite yo ap simen enèji ak pasyon , AKA se yon enstitisyon ki chaje ak vitalite. Nou konte sou nouvo enèji nouvo Akademisyen yo ap pote, antanke pwofesyonèl  ki vle kontinye dekouvri lang lan nan etidye li pi plis. Sonje mete nan djakout nou kapasite pou travay nan ekip, pou amonize latriye ide, epi pou fè limyè djayi.

AKA plis konsantre sou mete yon gramè ak yon diksyonè deyò. Plis enfòmasyon ap vini sou materyèl sa yo pi devan.

Pa manke espas ak travay pou fè anndan enstitisyon  Akademi Kreyòl Ayisyen an. Chwazi yon komisyon pou nou kapab ale aplike konpetans nou ladan yo.

Egal, nan mitan  nou genyen ki  pwofonde nan domèn dwa ak kesyon lalwa, nan lengwistik ak administrasyon. Kòm nouvo Akademisyen, non  sèlman  nou rive ak  konesans, kapasite, ekspètiz ak eksperyans nan trajektwa  lavi nou, men tou nou vini tou pare pou nou rapousuiv vizyon ak misyon AKA (ti non jwèt pou Akademi Kreyòl Ayisyen).

Pouse kreyòl ayisyen anba kontribisyon lokitè natif natal ak limyè lasyans se misyon ak vizyon AKA pou lang lan. Nou konnen lang kreyòl la soude noumenm ayisyen. Menm jan lang lan soude tout ayisyen yonn ak lòt la, se menm soudi/siman sa a k ap tounen fòs, kouraj, konesans epi zouti pou ede nou rapousuiv devlòpman li.

Boutofen, M ap di mèsi pandan m ap  envite nou vin pran wou, pikwa ak traktè lengwistik nou pou n al plante nan jaden lang ak kilti kreyòl ayisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Mwen vle fini ak menm kout “ Onè, respè!” mwen te fè nan derapman diskou mwen an. Mèsi poutèt mwen te jwenn okazyon fè nouvo Akademisyen yo konpliman.

Yvon Lamour
30 jen 2022
Cambridge, Massachusetts, peyi Etazini

 

NDLR : 10 Akademisyen ak Akademisyèn sa yo se: Régine Duroska Murray (Akademisyèn), Sandra Duval (Akademisyèn), Marie Jeanne Léo Louis Charles (Akademisyèn), Chantal Hirsch Noël (Akademisyèn), Jean Robert Placide (Akademisyen), Altagrâce Payen Auguste (Akademisyen), Norah Amilcar Jean François (Akademisyèn), Lyonel Desmarattes (Akademisyen), Yvon Lamour (Akademisyen) ak Al Duniel Dimanche (Akademisyen).

VÒT TÈKS KREYÒL KONSTITISYON 1987 LA

VÒT TÈKS KREYÒL KONSTITISYON 1987 LA

Yon klarifikasyon Akademisyen Pauris Jean-Baptiste.

Sanble gen moun ki pa fin sèten si Asanble Konstityant epòk la te vote vèsyon kreyòl Konstitisyon 1987 la. Gen moun ki menm afime sa pa t janm fèt. Alòs, pou laverite ak pou listwa, men ki jan sa te pase.

Nan epòk la, mwen te direktè Sant Pedagojik Riral Pwotestan, Delmas 95, No 15 nan komin Petyonvil. Se yon lekòl fòmasyon Enstittè/Enstititris anba lobedyans Legliz Metodis Dayiti. Moman Asanble Konstityant lan fin fòme, gen plizyè gwoup sitwayen/sitwayèn ak divès gwoup politik nan peyi a ki mande pou tèks Konstitisyon ki pral nan kouti a parèt ni an franse, ni an kreyòl. Se konsa gen gwoup politik Mouvman Aksyon Demokratik (MAD) ki te gen ladan Guy Alexandre, Charles Clermont, René Préval, Jean L. DOMINIQUE, elatriye, Guy Alexandre kontakte m. Li mande m si m pa ta dispoze konsakre tan mwen pou tradui pwochen Konstitisyon peyi a an kreyòl. Nan epòk la, mwen te pwofesè Kreyòl ayisyen nan seksyon segondè Lekòl KAYANOU Guy Alexandre t ap dirije. Direktè a te konnen mwen nan ekip tradiktè Labib an kreyòl nan Sosyete Biblik Ayisyen.

Kòm mwen te okipe aplentan nan lekòl fòmasyon enstititè/enstititris avèk Legliz Metodis Dayiti, mwen prezante demann MAD la devan Pastè Alain ROCOURT ki te Chairman Legliz la lè sa a. Li ban mwen kat blanch pou m konsakre tout tan mwen pou travay la. Sèl kondisyon li te mete devan mwen se pou m fè travay la gratis. Paske Legliz la ap garanti m salè mwen kòm dabitid. Travay MAD mande m fè a se va kontribisyon Legliz la nan Fòmasyon Sitwayen Ayisyen.

Vrèmanvre, mwen te gen privilèj syeje nan Asanble a, non kòm konstityan, men kòm moun k ap suiv tout deba yo. Se dekwa pou rann an kreyòl tout ti sibtilite lide ki t ap diskite yo. Te gen plizyè Konstityan, moun tankou Dtè Georges MICHEL, Mèt Reynold GEORGES, Julio LAROSIILIÈRE, Guy LATORTUE, Athanase JN-LOUIS, Eccléiastre VALCIN, Jean Abraham LUBIN ki te asiste mwen oubyen m te konn konsilte pou travay tradiksyon an. Nan Ministè Kominikasyon epòk la, te gen madam Anaise CHAVENET ki te konn kolekte chak seri atik ki te fin tradui an kreyòl. Epi li pibliye yo nan jounal L’UNION pou apresyasyon piblik la.

Pou sa ki konsène vòt Konstitisyon 1987 la li menm, pa gen ankenn dout sou sa pyès. Metodoloji Asanble Konstityant la te adopte se yon konstityan deziye fè lekti yon atik an franse epi yon lòt konstityan deziye fè lekti menm atik la an kreyòl bay Asanble a. Se metodoloji sa a Asanble a te adopte epi respekte depi nan Préambule la/Premye koze a jouk nan Atik 298 avèk dènye mansyon:

<< Fè nan Palè Lejislatif, nan Pòtoprens, kote biwo Asanble Konstityant la table, jou 10 mas 1987 la, 184 èm ane Lendepandans>>.

Mèt Emile JONASSAINT, prezidan Asanble Konstityant lan, akonpaye ak prèske tout manm Asanble Konstityant lan remèt vèsyon franse ak vèsyon kreyòl Konstitisyon 29 mas 1987 la bay Prezidan Jeneral Henry Namphy an men pwòp devan mwen. Mèt JONASSAINT prezante m bay jeneral la kòm moun ki ede yo mete tèks la an kreyòl. Jeneral la mande chèf pwotokòl li a pou li pran kowòdone mwen. Mwen vire, mwen tounen, mwen mawonnen, mwen kabre jouk mwen rive chape poul mwen anchatpent san bay kowòdone m. Paske m te bay pastè Alain ROCOURT mo mwen.

Alòs, mezanmi, pa gen ni dout ni manti nan sa: Konstitisyon Repiblik Ayiti 1987 la, li ekri, li vote, ni an franse, ni an kreyòl ayisyen. Pandan m ap afime sa nan mwa me 2022 sa a, gen plizyè nan manm Asanbe Konstityant lan ki vivan toujou. Yo swa anndan peyi a, swa aletranje. Gen lòt temwen ki te suiv travay Asanble a avèk anpil anpil enterè. Yo ka temwaye tou.

Pauris Jean-Baptiste

07 me 2022

                                                            

PS : Konstityan ki te bay lekti tèks kreyòl la pou Asanble a se te Ecclésiastre VALCIN, reprezantan komin Tomasik nan wo Platosantral, epi Jean Abraham LUBIN, reprezantan komin Sen Michel Latalay nan wo Latibonit. 

 

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: POU LISTWA

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: POU LISTWA

MESAJ PASCALE MILLIEN-FAUSTIN, PREZIDAN BIWO SANTRAL SOSYETE KOUKOUY
  
Kouzin ak Kouzen Alawonnbadè Atchaba!

Selebrasyon Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy se  kab selebrasyon òganizasyon literè ki pi ansyen nan deklarasyon batay  pou lang kreyòl la jwenn valè li merite nan peyi Ayiti kou nan dyaspora a ki la toujou. Ala yon gwo akonplisman!
Se domaj, akoz viris KOVID 19 la ansanm ak akolit li yo, nou pa kab reyini an prezansyèl pou nou ta selebre anivèsè Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy nan tout dimansyon li. Men, nou la malgre tou,(malgre tou, nou la) nou ap fete kanmèm jan nou kapab nètalkole!

18 desanm 1965, se yon dat ki gen anpil siyifikasyon istorik, pou tout manm Mouvman Kreyòl/ Sosyete Koukouy, pou listwa, pou literati lang kreyòl la, ak pou Ayiti.

Anmenmtan tou, 18 desanm 2021, vin yon dat enpòtan pou tout fanm nan òganizasyon nou an ki te travay oswa ki kontinye ap travay pou yo kite tras pa yo nan lakou a kòm ekzanp pou jenerasyon ki ap vin apre yo.

Nou pa janm fè pakou lavi poukont nou, menm lè nou pa konnen ekzistans sèten moun nan kominote lokal oswa entènasyonal la, nou benefisye de bonzanj yo. Gen sa ki kite nou deja, men gen sa ki la toujou. Se poutèt sa, mwen ap make moman sa a, ak gwo lareverans pou eritaj travay kouzin Galata, Adelina, Ayida, Defile, Choukounn, Annjelina, Gèda, Mariz, May, Lina, Mikette Wainwright, Mercédès Guignard (Deyita), Ginette Etienne (Man Laye), Yolande Thomas, Suzelle Bertrand, Jeanette Gregoire, Nancy St. Leger, Myrtha Woy, Rose Bléus, Weiselande César, Gypsie Metellus, Marleine Bastien, Rita Denis ak tan dòt ankò…

Yon gwo chay mèsi tou pou paran mwen, Mona Anglade-Millien ak Reveran Jean Elie Millien ki ede materyalize enterè mwen pou lang kreyòl Ayisyen an ak kilti lakay. Mèsi kouzen, Jan Mapou, ki te ban mwen premye djòb biwo pou mwen tape atik ak dokiman kreyòl ki ede m aprann li ak ekri kreyòl pi rapid, pou Kiki Wainwright, Dede Dorcely, Max Manigat, Janjan Dezire, Michel-Ange Hyppolite ak Angelucci Manigat, Jr ki toujou montre enterè nan tèks mwen ekri oswa nan aktivite kiltirèl mwen yo.
Jounen jodi a, se yon nouvo sezon ki mache ak anpil lespwa, ak anpil rèv epi anpil anbisyon pou travay nou nan pwomosyon lang ak kilti lakay la toujou kontinye fleri, menm lè nou pa la ankò. Se poutèt sa, se ak anpil imilite epi ak anpil fyète tou, mwen ap  aksepte  pozisyon Jeran Responsab Biwo Santral Sosyete Koukouy la pou 2 lane ki pral vini yo (2022 / 2023).

Responsablite nou pran, angajman nou pran, se yon gwo chay. Yon gwo chay pou nou rete soude ak vizyon manm fondatè nou yo. Jan Tanbou (Henry Claude Daniel), Pyè Banbou (Doktè Ernst Mirville), Adelina (Marie Lucie Baas), Pyè Legba (Emile Jules), Togiram (Emile Celestin Megie) ak Jan Mapou. Nou pèdi senk nan gason ak fanm vanyan sa yo, ki travèse lento lavi, men nou toujou gen Jan Mapou, ki kontinye ak fè chimen pou nou, ki kontinye kenbe nou soude, epi ki kontinye ap travay danble ak tout sa ki gen detèminasyon pou nou pa moli, pou nou kenbe flanbo kilti lakay la byen wo.

Avni Sosyete Koukouy nan lane ki ap vini yo chita sou zepòl chak manm Koukouy, kit ou la, kit ou pa la nan woumble jodi a. Sonje, nan chantye travay nou, se ak anpil lanmou, se ak anpil fratènite nou toujou di, Koukouy yon jou, Koukouy toujou ! Ansanm, annou pran angajman pou lespri lang kreyòl la ak pasyon nou pou pwomosyon lang ak kilti lakay rete vivan nan tout sa nou ap fè.
Yon lòt fwa ankò, Mèsi pou tout fanm ak gason vanyan, sa nou konnen ak sa nou pa konnen yo, ki goumen pou chimen libète ak jistis, epi ki kite tout rèv yo dèyè pou nou akonpli kòm eritaj.

Sonje, grandèt yo konte sou nou, annou fè tout sa nou kapab ak tout sa nou genyen epi ak tout kè nou, pou nou fè yo fyè. Paske kwè m si n vle, grandèt yo parye sou nou!
Devouman ak konstans,

Pascale Millien-Faustin, Prezidan  
Biwo Santral Sosyete Koukouy
 Sosyetekoukouy@yahoo.com
 www.SosyeteKoukouy.org  

BÒN FÈT AKADEMI KREYÒL AYISYEN

BÒN FÈT AKADEMI KREYÒL AYISYEN

Mesaj Konsèy Administrasyon AKA a nan okazyon setyèm ( 7èm) anivèsè Akademi Kreyòl Ayisyen, 4 Desanm 2021

4 Desanm 2014 – 4 Desanm 2021, sèt (7) lane depi Akademi Kreyòl Ayisyen tabli ofisyèlman nan peyi d Ayiti kòm yon enstitisyon Leta endepandan. Sèt (7) lane depi gen yon asanble akademisyen-fanm kou gason, ayisyen nan peyi a kou nan dyaspora a- ki ap reyini, brase lide epi travay yon mannyè pou :

􀀁Fòse Lang kreyòl la jwenn plas li merite a nan sosyete peyi d Ayiti nan tout nivo, nan tout sektè, tankou: edikasyon, lajistis, administrasyon, lasante, etsetera;

􀀁Ankouraje respè dwa lengwistik pèp ayisyen an;

􀀁Mete mwayen pou popilasyon ayisyen kapab sèvi ak lang kreyòl la kòm kòd ekri ;

􀀁Fè pwomosyon pou pwodiksyon dokiman syantifik, zèv literè ak tout kalite dokiman pou pèmèt moun vin pi maton nan gramè ak ekriti lang nan;

􀀁Ankouraje pou bon jan rechèch, tout kalite rechèch, fèt nan lang nan epi sou lang nan;

􀀁Mete plis lòd nan itilizasyon ak pratik lang kreyòl la.

Jounen jodi a, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), youn nan pi jenn enstitisyon Leta ayisyen, ap fè faskare ak tout pil pwoblèm sosyal ak pwoblèm ekonomik k ap brase bil tout enstitisyon ak tout sosyete a an jeneral. Kriz epidemi mondyal KOVID-19 la, mete sou fenomèn vyolans gang ak zam pa sispann fè nan peyi a, nan zòn kapital la pi espesyalman,

vin mete abse sou klou. Men, pandan ti tan egzistans enstitisyon an, Akademisyen yo pa janm sispann travay san relach pou yo monte yon kantite pwojè ki dwe pouse Akademi nou an vanse sou chemen akonplisman misyon li yo menmsi, malerezman, pi fò nan yo toujou bloke nan pasaj.

Jan gran pedagòg brezilyen an, Paolo Freire, renmen repete sa: “ Lit la pa bout, men li ap chanje fòm”. Batay Akademi Kreyòl Ayisyen an ap mennen pou lang kreyòl la ak pou defans dwa lengwistik pèp ayisyen an pa kanpe. Li p ap janm kanpe. Li ap pran lòt fòm. Li ap pran lòt faz, dapre tan ak sikonstans yo. Paske nou sèten , nou menm Akademisyen, nou p ap bat ba.

Nan okazyon patikilye sa a nan lavi Akademi Kreyòl Ayisyen an, Konsèy Administrasyon an gen yon panse espesyal pou tout akademisyen-fanm kou gason- ki deja pran devan nou yo : Akademisyen Max Beauvoir, Akademisyen Claude C. Pierre, Akademisyen Rachelle D. Beauvoir, Akademisyen Marcelle B. Racine ak Akademisyen Ernst Mirville ;

Konsèy Administrasyon an (KAd) wete chapo li byen ba devan tout akademisyen emerit yo : Akademisyen Max Manigat ak Akademisyen Odette Roy Fombrun, epi li swete tout akademisyen aktif yo bon kouraj nan lit san pran souf sa a.

KAd la gen yon mo espesyal tou pou angajman ak devouman ekip Sekretarya egzekitif la ki responsab kesyon operasyonalizasyon Akademi an, san nou pa bliye ekip Konsèy konsiltatif la pou devouman yo pou misyon Akademi an kontinye.

Batay nou ap mennen an mande anpil lespri angajman, anpil sans sakrifis ak anpil detèminasyon pou nou balize chemen an pou jenerasyon ki ap vini dèyè yo pa reviv tout tray nou ap pase yo pou nou fòse tèt nou rive viv nan yon sosyete ki pi jis epi ki gen lavi miyò pou tout moun san paspouki, poudayè, nou rekonèt fòk lang kreyòl la blayi tout kote san fòs kote.

KAd la di tout Akademisyen : Bòn fèt !

Tout anplwaye Administrasyon an, tout manm Konsèy Konsiltatif la, KAd la di nou: Bòn Fèt !

4 Desanm 2021
Konsèy Administrasyon Akademi Kreyòl Ayisyen
Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil, Prezidan
Akademisyen Michel Frantz Grandoit, Vis-Prezidan
Akademisyen Jean Grégory Calixte, Sekretè Jeneral
Akademisyen Samuel Jean-Baptiste, Konseye
Akademisyen Rosilia Francois Corneille, Konseye
Akademisyen Michel Emmanuel Bazile, Konseye
Akademisyen André Serge Bellegarde, Konseye.

GOUDOUGOUDOU PASE AK KOUNYE LA A: ENPÒTANS SANTE MANTAL

GOUDOUGOUDOU PASE AK KOUNYE LA A: ENPÒTANS SANTE MANTAL

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: ENPÒTANS SANTE MANTAL

Enpòtans lanng kreyòl la nan entèvansyon pou sante mantal. Ròl ak plas fakilte inivèsite Ayiti yo.

AK JUDE JEAN-FRANÇOIS

Goudougoudou tranble tout nanm nou, tout kò nou, li vire tout pèp ayisyen an lanvè/landrèt. Gen abitid li chanje lakay nou. Gen abitid li vin devlope lakay nou. Gen mo rezilyans lan nou vin tande pi plis tou lè yo ap pale sou  Ayisyen.

Entwodiksyon

Depi apre trajedi 12 janvye 2010 ki sot frape Ayiti a, kote plis pase 200.000 moun pèdi lavi yo. Li te parèt klè, tout Ayisyen ki gen laj pou konprann sa ki te pase a sot fè yon eksperyans  lavi ki ka chanje yo pou rès tan yo gen pou yo fè sou tè sa a.

Goudougoudou, ti non jwèt Ayisyen bay tranbleman tè a, lakoz anpil moun, nan Pòtoprens an patikilye, twouve yo nan sitiyasyon latwoublay – Anpil ladan yo pèdi manman, papa, pitit, madanm, mari, zanmi, kòlèg travay, mennaj, kay,  travay, oto, biznis elt. Tout sa lakoz, anpil nan yo ap soufri kè kase toulejou (Anksyete an franse).  Nenpòt ti bri mete yo sou panik.  Genyen  ki pa ka dòmi (Ensomni an franse).  Genyen menm, ki pou ti krik ti krak, pran kriye.   Gen moun ki menm rive  pèdi tèt yo (Twoub sikyatrik an franse) – Divès kalite latwoublay  nou fenk sot li pi wo a, se yon ekip fenomèn ki lakoz konsitwayen sa yo pa santi yo nan nòmal yo. Se kòmsi yo pa ka jwenn kap yo depi katastwòf natirèl 12 janvye 2010 la te fin pase nan peyi a.

Espesyalis, ki etidye epi ki travay ak moun ki viv eksperyans terib nan lavi yo, di nou, byen souvan sentòm sa yo, se  kapab siy ki pèmèt konprann moun lan soufri, sa yo rele nan peyi anglofòn yo, PTSD An franse yo di (Nevroz Twomatik osnon sendwòm pòs twomatik).

Lekti ansanm ak konsiltasyon nou fè avèk kèk sikyat ayisyen pèmèt nou konprann: se pa konsa yon moun rete li devlope maladi mantal sa a . Anvan pou sa rive, byen souvan, moun sa a  viv yon eksperyans difisil  ki kite li delala, kote li pa vrèman kapab reprann lavi nòmal li. Se kòmsi li rete nan yon eta  kriz pèmanan. An nou fè yon chita sou mo kriz la yon ti moman. Kriz se yon mo  ki ekziste deja nan vokabilè kreyòl ayisyen an. Sepandan,  pwofesyonèl ki ap travay nan domèn sante mantal itilize li nan yon lòt sans.

Kriz (Nan sans sikolojik mo a)

Lè nou chache, fouye nan liv ki pale sou kriz, nou jwenn plizyè definisyon, men kèk ladan yo:

1) «Se yon peryòd dezekilib sikolojik akoz yon sitiyasyon grav ki rive. Moun ki viv eksperyans sa a pèdi kapasite, lizay ak ladrès  li pou li jwenn solisyon  pwoblèm ki pa te konn ba li okenn difikilte pou li rezoud oparavan». (p.8 Crisis Intervention handbook, A.R Roberts, 2000) tradiksyon lib Jude Jn-Francois

2) Se yon sitiyasyon danje ki pwovoke chanjman bridsoukou nan anviwonnman kote yon endividi ap viv, ap evolye. Konsa, atant moun lan te genyen  alega pwòp tèt li ak kalite rapò osnon relasyon li te genyen ak moun ki ap viv nan menm anvironnman ak li  vin chanje. Pami pwen kòmen ki genyen nan tout kategori danje, ki ka pwovoke yon bagay konsa, ou ap jwenn:

a) Pèdi osnon sou pwen pou ou pèdi rapò/relasyon ki ekziste ant moun lan ak youn lòt moun.

an) Prezans yonn  osnon plizyè lòt moun  nan espas aktivite moun sa a.

b) Chanjman nan ran sosyal ak nan wòl yon moun te genyen nan relasyon li ak lòt moun. Tout sa se konsekans dirèk mo  kriz nan nivo sante mantal. (p.5,Handbook of crisis counselling, Jonathan Sandoval,2002, tradiksyon lib Jude Jean-François)

Lè nou konsidere definisyon sa yo, nou kapab di se youn sitiyasyon kriz  ki vin mete yon moun nan yon eta kriz.

Sitiyasyon Kriz ak  Eta kriz (yonn pa mache san lòt)

Nan sans sa a,  yon sitiyasyon kriz, se yon seri evènman ki pa rantre nan lòd lojik jan tout bagay  ta sipoze ye nan fonksyònman toulejou yon moun. Kidonk, lè sitiyasyon sa yo rive,  yo  mete yon moun nan yon eta kriz-  Sitiyasyon kriz ak eta kriz  se de (2) etap  ki diferan. Sepandan, se yonn ki sanse mennen lòt.  Gen plizyè evènman nan lavi yon moun, nou kapab konsidere tankou sitiyasyon kriz: Yon akouchman ki pa byen dewoule, yon aksidan machin, kote gen moun ki blese grav ak moun ki mouri; yon revokason nan yon dyòb, lanmò yon manb nan yon fanmi, yon evènman bridsoukou tankou : Yon moun ki tiye tèt li devan je yon lòt moun. Yon ka vyòl ( kadejak osnon pyèkanga nan Jeremi), vyolans sou fanm ak timoun, yon katastwòf natirèl tankou siklòn, goudougoudou elat.

Lè gen  sitiyasyon konsa ki rive nan lavi yon moun, otomatikman, moun ki viv li a reyaji. Daprè sa nou konprann, reyaksyon nan  yon kriz, se toujou – an tout konsyans osnon  san moun lan pa rann li kont-  pou ou jwenn eta nòmal ou, ki pou ta mete ou jan ou te ye anvan kriz la te ateri sou ou a.   Eksperyans, obsèvasyon ak rechèch  pèmèt espesyalis yo rapòte, epi nou konprann sa tou, se pa tout moun  ki toujou reyisi jwenn estabilite sa a.Gen plizyè faktè ki ka eksplike rezon ki fè estabilite a pa retounen.

Nan fouye sou entènèt ak nan bibliyotèk, nou rann nou kont, gen   anpil dokiman rechèch ki fèt sou sa.  Men nan ekzèsis nou ap fè nan tèks sa a, objektif la se pa pou nou detaye  eksplikasyon sou rezon ki lakoz se konsa sa ye,  men se sitou pou montre kijan gen nesesite pou espasyalis ayisyen ta panche plis sou reyalite Ayisyen an  apati yon demach syantifik nan sousi pou pèmèt pataj konesans yo fèt tou an kreyòl, epi pèmèt Ayisyen an konprann plis epi pwofite pi plis tout kalite  sipò emosyonèl ak sikolojik li ka jwenn nan men pwofesyonèl  sante mantal (sikyat, sikològ, travayè sosyal elat). Sitou lè konsitwayen yo fè fas ak eksperyans lavi ki ka kite yo nan yon eta delala, flòtòp-flòtòp.

Èske nou viv epi eksprime emosyon nou yo nan yon lòt lanng ki pa lanng kreyòl ?

Li parèt klè devan je lemonn antye, sitwayen ayisyen an devan kalamite ak katastwòf natirèl, li toujou degaje li jan li kapab pou reprann chimen lavi a. Se sa ki fè apre goudougoudou, nan radyo tankou nan televizyon peyi etranje, ekspè ki ap gade, obsève  pèp ayisyen an, atravè  tout faz dwòl li viv nan ane pase yo – kriz politik, siklòn, tranbleman tè elt, –  yo tout dakò pou di pèp ayisyen an son pèp ki gen kouraj. Nan domèn sikoloji, kalite fòs ak kouraj sa yo pote non  “rezilyans”. Nan diksyonè Wiki, ki sou entènèt la, men kisa yo di sou mo rezilyans lan :  « Nan domèn sikoloji, rezilyans se kapasite pozitif yon moun genyen  pou li pase atravè gwo estrès ak katastwòf. Mo sa a vle di tou, pouvwa yon moun genyen pou li retonbe sou 2 pye li apre gwo trajedi.  Kidonk, yon moun ki pa koube devan difikilte lavi, epi ki kenbe tennfas pou rive reyalize objektif li vize nan lavi li,  se yomoun n “rezilyan”. Rezon ki fè mwen mete de mo sa yo ant giymè epi ak gwo lèt fonse, se paske nan lanng kreyòl la mo sa yo pa ekziste. Mwen vle sitou atire atansyon nou sou kapasite lanng kreyòl la genyen  pou li ajiste li ak evolisyon pèp la. Mwen ret konvenki lenguis yo ka pèmèt nou wè  yon lis mo nou ap itilize jodi a, men  grann mwen ak grann pa ou pa te konn itilize nan tan pa yo.

Goudougoudou mete nou devan pòtre  eskèlèt sistèm sante peyi nou an. Lè nou gade byen nou wè anpil pwoblèm. Ayiti poukont kò pa li te deja malad. Men, kounye la a anpil moun debake vin pote nou sekou. Nan gwoup moun ki vini yo, te genyen sikyat, sikològ elt.

Mwen pa pe kritike kalite èd sa yo  non, men mwen  te poze tèt mwen kèk kesyon, tankou: kijan sikyat, sikològ etranje sa yo pral fè pou byen sezi emosyon Ayisyen ap viv la? Sa mete nou drèt devan pwoblèm baryè lanng ak kominikasyon ant moun ki ap bay swenyay  la ak sila a ki ap resevwa swen an. Poutan, li klè nan je tout moun, Ayisyen an viv 100 pou 100 an kreyòl. Ayisyan an pa viv emosyon li ni nan lanng  angle ni nan lanng franse. Lè li tris, li di li tris an kreyòl, lè li boulvèse, li di li boulvèse an kreyòl, li li gen boul nan gòj li, li di ou sa ak lanng kreyòl la, lè kè li sou biskèt li , lè li  gen konfizyon nan tèt li, li di ou sa an kreyòl. Tout sa, se  pou di Ayisyen tout sa li  santi, tout sa li ap viv se ak lanng kreyòl la li manifeste yo. Yon entèvenan ki pa pale lanng Ayisyen an, kreyòl,  èske li ap  janm rive bay rezilta li ta renmen bay la nan entèvansyon li ak moun li ap ede a? Èske gen risk pou li pase akote dyagnostik li ta gen pou li fè yo ? Mwen ta renmen nou reflechi sou kesyon sa yo.

Enpòtans pou inivèsite nou yo enplike plis nan rechèch

 Kounye la a,  tout kesyònman sa yo fòse nou poze lòt kesyon. Lè nou konsidere nou gen sant pou moun al chache konesans apwofondi, Inivèsite nou yo. Lè nou konsidere patikilarite sitwayen ayisyen an nan jan li jere lavi li. Lè nou konsidere fòs mantal Ayisyen an genyen pou li pase atravè advèsite lanati ka mete sou rout li. Lè nou konnen gen Ayisyen ki enterese nan byennèt mantal chak grenn ayisyen. Lè nou konnen gen Ayisyen ki fè gwo etid nan domèn sikoloji, sosyoloji etnoloji, ak tan lòt domèn nan syans imèn. Lè nou konnen zouti evalyasyon yo itilize nan domèn sikoloji, byen souvan se apati travay obsèvasyon ak analiz sou echantiyon moun ki soti nan yon sosyete espesifik, nan yon kilti espesifik elt yo fèt., nou ap mande epitou sigjere pou inivisite nou yo mete yo opa pou ouvri sant rechèch nan chak fakilte nou yo pou pèmèt nou konprann pi byen konpòtman sosyete nou an, kidonk endividi ayisyen an epitou pou nou devlope zouti ki ap pèmèt nou amilyore domèn lakonesans an jeneral. Men, nan domèn sante mantal menm, pi bon mwayen pou pèmèt espesyalis  yo jwenn  rannman nan travay yo ap fè pou byennèt sitwayen ayisyen an se rive fè endividi yo  eksprime lide  ki ap chipote lespri yo nan yon langay ki aksesib pou espesyalis la. Bò kote pa yo espesyalis yo dwe konnen langay moun yo vle ede yo. Konsa, mwen kwè gen yon nesesite pou inivèsite yo devlope zouti lenguistik ki kab itil ni malad yo ni moun ki ap swaye malad yo. Kòm tout Ayisyen nan peyi a pale kreyòl, sèl lanng ki kalifye pou kreyasyon zouti lenguistik sa yo se lanng kreyòl la. Nou kad rekonstriksyon peyi a nou swete Leta va bay lanng kreyòl la plas li kòmsadwa.

si gen efò serye ki fèt pou tout bon nan sans sa a, se ap yon diplis pou yon nouvo sistèm lasante, men tou nou ap rann nou kont lanng nou an, kreyòl la, se ap pi bon alye nou pou pèmèt lakonsesans pataje pi byen atravè tout peyi a.

Yon lèz nan Revi Literè Sosyete Koukouy, volim 2, ane 2011, paj 174-180