LANMÒ Doktè ERNST MIRVILLE- Pyè BANBOU – Omaj Jan Mapou

LANMÒ Doktè ERNST MIRVILLE- Pyè BANBOU – Omaj Jan Mapou

LANMÒ Doktè ERNST MIRVILLE- Pyè BANBOU

Omaj Jan Mapou

OREVWA KOUZEN!

Jodi a, s on move jou

Yon jou plichon, yon jou chagren

Pyè Banbou, kavalye Pòlka nou, ale

L ale, li kite nou san di orevwa.

Nou travay ansanm depi 60 ane

Ansanm nou kreye Mouvman Kreyòl Ayisyen

Ansanm nou monte Sosyete Koukouy

Tètgridap nan blakawout  chemen liyorans

Ki pa janm sispann klere nan fènwa pèp la

Malgre brimad, malgre prizon Fò-Dimanch.

Tanbou ale, Legba se fwe,

Togiram, Yolande, Mikette, Ti wouj, Man Laye

Adyee se pa ni en, ni de Koukouy ki kite nou!

Jodi a, se tou pa Pyè Banbou

Li kite nou ak yon chaj lou sou zepòl nou

Ki mande fòs ak kouraj pou nou sipòte.

Banbou ale, yon tralye ti grenn banbou

Plante an Ayiti, nan dyaspora ak nan kè nou,

Va leve pou kontinye pote lespwa pou pèp la.

Kondoleyans pou tout Koukouy

Dyaspora tankou lakay

Kondoleyans pou tout defansè lang

Ak kilti pèp ayisyen an.

                                                                      

Jan Mapou (8-6-21)

REKA koube l byen ba pou salye kokennchenn defansè lang ak kilti Ayisyen an. REKA envite nou al li yon lòt fwa ankò atik Michel-Ange Hyppolite te ekri sou Doktè Ernst Mirville : https://kreyol.org/mirville/

 

POU SELEBRE JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM 2021

Fanm

Pou Medjine Hyppolite Mendjaly Hyppolite et Ange Diaquoi

Lè fanm vanyan ap mache li pòtre ak manzè lavi
 
Fanm pote lavi
Pi wo pase fetay solèy
Nan voye wòch monte
Bwote dlo desann
Nan lakou plètil
Fanm leve nechèl wotè van
K ap bale wouze

Nan peyi malfini
Fanm charye douvan jou li
Sou tèt kamyon bwat
Madan sara fè ovètay
Pou po pistach

Lè fanm ap goumen
Kòtakòt ak gason
Bab pou bab ak ranyon dife
Lè fanm pran sèt so
Anvan li di alatraka
Fò ou konnen konbyen kalfou
Jipon li janbe
Konbyen flanm li travèse
Anvan bonèt li chavire

Fanm Mennen lavi
Nan sous dodo meya
Kwape lamizè
Twaze dyòl maldyòk
Dwèt madichon fanm
Pa respekte pè  pap
Lè fanm vanyan ap mache
Li sanble tèt koupe ak manzè lavi

Lesiv defigire men l
Kout batwèl
Ant salyè e valyè
Trese riban
Nan boukan pen kotidyen l
Semèl jounen l
Manje pousyè
Vale kalfou
Twoke twòkèt pou chay
Fanm O!
Pa gen baryè
Pou mezire kouray ou.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) in Zile Nou /Notre Ile / Our Island (1995), paj 48-49


				
					
LALIN AK SOLÈY SA W PI PITO AK PASCALE MILLIEN FAUSTIN

LALIN AK SOLÈY SA W PI PITO AK PASCALE MILLIEN FAUSTIN

LALIN AK SOLÈY SA W PI PITO
AK
PASCALE MILLIEN FAUSTIN
(YON LÈZ NAN TIM TIM : JADEN KREYASYON)

Pou tèt Lalin ak Solèy pa t koute, kòm pinisyon, Kreyatè a ba yo yon separasyon total. Lalin ak Solèy pa te ka janm wè youn ak lòt nan syèl la oswa nan fòm imen yo. Men, Lalin te tèlman atriste, sa te touche Kreyatè a. Li deside kite yo kontre kèlke fwa nan ane a. Toude te atriste paske dezobeyisans yo te gen konsekans. Depi youn la, lòt la dwe chape poul li. Lalin te klere tankou ajan, epi Solèy te klere tankou lò. Yo toude pa te ka klere ansanm. Lannwit ak Lajounen te Kreye.

Lalin ak Solèy te wont, paske yo te dezobeyi Kreyatè a. Toude kreyati yo te rekonèt pozisyon yo te endispansab pou limanite. Yo te deside reprann plas yo nan sistèm nan pou bloke boulvès yo te kòmanse a. Yo t ap panse, kijan yo pral remete enèji pozitif ak amoni ki te egziste anvan dezobeyisans yo a. Yo te vle bay tout lòt kreyati yon kado rekonsilyasyon.

Lalin di Solèy:

-“Paske mwen gen anpil renmen, m ap propaje lanmou tout kote mwen pase. Konsa yo va padone m.” 

Solèy panse se te yon bon lide, li di:

-“Epi mwenmenm, m ap pwopaje lamitye tout kote mwen pase. Konsa yo va padone m.”

Lalin ak Solèy, lanmou ak lamitye se de eleman ki ka soude tout kreyati youn ak lòt, nan bon tan, kou nan move tan.

Lalin ak Solèy di Fanm ak Gason mèsi epi orevwa. Epitou, jis anvan yo reprann pozisyon yo nan inivè a, yo deside fè yon pwomès. Yo kanpe youn anfas lòt, yo fè de plamen yo kontre, pou youn ka konekte ak lòt, epi, yo repete ansanm:

Jodi a se premye jou yon solitid enfini
Paske mwen renmen w,
paske ou renmen m
distans se espas.
Espas ki p ap ka konprann
Santiman nou pataje
Pou lavidiran
Jodi a se dènye jou yon solitid enfini

Epi, tankou de Koukouy, yo pran elan, yo file monte, annatandan Kreyatè a ba yo lesepase pou yo kontre ankò. Apre yon sèten tan, Fanm ak Gason te vin gen pitit. Yo rakonte pitit yo istwa a, epi pitit yo menm, bay pitit pa yo menm istwa a tou. Istwa Lalin ak Solèy vin gaye sou tout Latè.

Ti nòt anplis nan men: Pascale Millien Faustin

June 13, 2020  ·

Se ak anpil plezi m ap prezante nou dezyèm liv mwen: Tim Tim Jaden Kreyasyon: ki se yon koleksyon 9 istwa kout an kreyòl Ayisyen. Tout istwa yo, se pwòp kreyasyon pa mwen. Se yon konpilasyon kote mwen Maryonnen eskperyans pèsonèl mwen ak kilti peyi Ayiti.

TIM TIM: JADEN KREYASYON reflete eksperyans lavi tout natifnatal ka byen konprann.
Chak istwa nan Tim Tim: Jaden Kreyasyon vini ak yon imaj, san konte, yo chak mache ak yon pwovèb kreyòl ke mwen tire nan liv otè Dr. Pierre Anglade ki rele: Proverbes Créole d’Haiti, Proverbes d’Ailleurs —

Provèb yo ede motive lektè yo, pou yo ale eksplore leson oswa moral mwen vle fè pase a. An menmem tan tou, lektè yo ka vini ak pwòp konklizyon pa yo pou yo patisipe nan èv kreyasyon sa a.