SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: PAWÒL KRITIK

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: PAWÒL KRITIK

Analiz semyotik logo Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)

Ak Marvens Jeanty

Pòt antre

Tout esperyans moun ap fè chita sou siy. Nou ka menm di siy lan plase nan sant sa nou ta ka rele esans langay moun nan. La a, nou ap pale de siy lengwistik (ansanm  mo nan yon lang)  ak siy ki pa siy  lengwistik (imaj, pano siyalizazyon…). Si nou ta rive konsidere yon imaj kòm siy ( yon bagay ki evidan, paske yon imaj se yon siy ikonik), kisa li ka pote nan langaj  la ? Ann raple, yon imaj se yon reprezantasyon vizyèl oubyen mantal sou yon bagay. Bagay sa a ka yon objè, yon moun, yon bèt, yon konsèp, elt). Imaj la tou ka natirèl (lonbray ak reflè) ousinon atifisyèl (penti, fotografi, eskilpti). Men,   kit imaj la ta vizyèl, kit li pa vizyèl, kit  nou ka touche l oubyen ankò kit  li se senpman yon konsèp, li ka gen rapò sou resanblans ak modèl li a, e li ka menm rive fè kò ak li gras ak yon rapò senbolik.

Pou semyotik la se syans ki etidye siy an jeneral, kit se siy lengwistik, kit se pa lengwistik. Kit se ki devlope yon sektè semyotik vizyèl, yo wè imaj la tankou  pwodwi yon langaj espesifik akouche. Yonn nan definisyon pi ansyen nou jwenn sou imaj, se sa Platon te bay la : « Mwen rele imaj, dabò tout lonbraj epi tout reflè nou ka wè nan dlo,  sou nenpòt kò ki opak, oubyen poli, ak tout lòt reprezantasyon ki nan menm fason an ». Pou sa ki gen pou wè ak tip imaj , nou jwenn de (2) : imaj fiks ( fotografi, bann desine, afich, pano piblisite… Imaj anime (fim, emisyon,repòtaj). Ann di,  li te  enpòtan anpil pou n te fè yon ti rale sou konsèp imaj la, men kòm objetik travay la se pa fè istorik « imaj » , ann kontante nou poze kesyon sila a : Si nou ka wè konsèp imaj la tankou yon reprezantasyon oubyen repwodiksyon yon objè ki reyèl,kisa nou ka di pou logo AKA a ? Èske logo a jistifye  imaj la se reprezantasyon yon fòm lengwistik ?

Deskripsyon fizik logo a                                   

Ann raple, AKA se enstans nan peyi Ayiti, ki la pou li mete lòd nan fason moun ap ekri lang lan, epi li kore dwa lengwistik pèp ayisyen an. Konstitisyon 1987, nan atik 213 la, rekonèt egzistans li.

Pandan anpil tan, ekriti lang kreyòl ayisyen an pa te gen okenn règleman ekri , menm lè  nan ane 1940 yo, ansyen prezidan ayisyen an, Eli Lesko, te fè yon tantativ pou li  estandadize lang lan. Sepandan, Li lang lan te vin gen  premye òtograf ofisyèl li nan fen ane 1970 (dekrè lwa 1979), e pa te gen anpil twò gwo travay ki te fèt apre sa pou chita lang kreyòl ekri a yon fason dyanm nan sosyete a.

Jan nou ka wè l nan premye paj la, imaj logo AKA se yon figi jewomwtrik ki gen yon fòm won. Li bay resanblans de (2) sèk yonn anndan lòt. Nan yonn ladan yo, nou jwenn akwonim  AKA ak definisyon li , nan lòt la, nou jwenn yon estati Nèg Mawon. Fontyè chak sèk sa  yo desine an wouj. Ant premye sèk la ak dezyèm sèk la, gen yon espas ki koulè ble. kolore an ble. Se nan esapas sa a, nou li: Akademi Kreyòl Ayisyen -AKA- Nan sant dezyèm sèk la, ki gen yon fon koulè gri pal epi gri fonse, nou obsève yon estati Nèg Mawon an ki gen koulè nwa ak plim yon gwo  zwazo ki gen koulè ble e wouj nan men li. Nan bout anba plim zwazo a genyen bèk yon pwent plim pou moun ekri.  Se pòsyon kat jewografik  zile a, ki koresponn ak Ayiti a ki sèvi tablo pou  pote imaj Nèg Mawon an.

Mesaj logo a charye

Lè otè a te di: Yon imaj  vo plis pase mil (1000) mo, se pa jwe li t ap jwe, paske nou pa janm sispann viv sa nan reyalite lavi a. Konsa, nou ka di, imaj logo a pote  yon mesaj lengwistik, epi pi bon kòd ki ap ka ede nou konprann mesaj sila a se kreyòl ayisyen. Kidonk, pou nou dekouvri epi antre nan nannan mesaj logo a charye,  nou dwe gen konesans  sou lang kreyòl la, istwa li  ak  batay ki fèt pou li rete vivan sou tè Ayiti. Se vre , lè nou gade logo a nou wè AKA ak tout akwonim li ekri ladan, men sa pa sifi kòm mesaj lengwistik. Tout lòt eleman ki pa siy lengwistik yo vle di anpil bagay. Sou plan sosyopolitik ousinon sosyo-istorik, imaj nèg mawon an tradwi anpil reyalite. Li reprezante istwa yon esklav, pandan li t ap kite abitasyon kolon an , ki  te met jenou l atè, panche kò li an aryè pou li soufle lanbi l, ki se enstriman yo te konn itilize pou yo fè tout esklav reyini ousinon pou avèti yo lè gen danje. Kidonk , nan logo a, li ka sèvi pou li reyini tout ayisyen pou fè yo konprann nou gen yon lang, ki makonnen zantray nou , e nou dwe byen konnen l pou nou kontinye batay. Plim zwazo a, ki nan men l lan, gen koulè ble e wouj, koulè drapo n. Li ka vle di, pale lang lan pa sifi, konn ekri l byen se ap yon avantaj anplis. Kidonk, apre n fin reyini pou n pran konsyans lang lan se pa n , se nou k pou ba l valè, bat pou n ekri l byen epi pwodwi ladan l, konsa na va ede lòt nasyon dekouvri bèlte l ak richès  li epi bay anvi aprann li, menm jan sa fèt pou anpil lòt lang. Plim  zwazo a ka vle di tou, nou gen dwa pou n jwenn lenstriksyon, paske esklav yo pa te gen chans sa a. Sitou  konnye la a Ayisyen an gen dwa pou l edike tèt li , e gen ase materyèl pou l ekri pwòp literati l, mete deyò tout emosyon l ak tout sa l panse. Ann presize tou, imaj nèg mawon an raple n pandan anpil tan, nou te nan chenn , menm jan kreyòl la te majinalize. Nan logo a, AKA vle siyale n, menm anvan refòm Bèna a,  nou mennen  gwo konba pou nou mete kreyòl la kote li ye jounen jodi a, e pou konba sa a kontinye, fòk nou tout pote kole. Politik lengwistik la ap pi byen fèt, si gen plis bra. Kat jewografik Ayiti ki plase dèyè nèg mawon an pa inosan nonplis tou, li ka la pou l raple kominote entènasyonal la Ayiti se premye pèp nwa ki libere, e se limenm menm ki vle mennen lang li pi lwen jounen jodi a . Kat la se reprezantasyon n kòm pèp ki granmoun lakay li!  Lè n gad logo a byen, nou wè je nèg mawon an tonbe anba sis (6) lèt ki reprezante mo kreyòl la, sa ta vle di, kreyòl la se lang teritwa Ayiti a. Epi sa ta vle di tou , si toutbon  nou vle peyi n devlope, nou dwe toujou reglemante, elabore, devlope, anrichi lang kreyòl la. Nou dwe toujou gen lang nou avè n. Dayè se li ki yonn  pi gwo zam nou.

Sou plan kiltirèl, logo AKA a di n kichòy tou. Se tankou, li vle raple n : Dezòmè, nou gen yon akademi ki pou reglemante  lang lan ,e nou gen dat ofisyèl pou nou fè kèk seromoni rekonesans (4 desanm 2014 pou dat kreyasyon AKA a, tout mwa aktòb la pou fèt lang  kreyòl, epi 21 fevriye pou fèt lang manman… ). Pou sa, nou ka òganize kèk manifestasyon ki lyannen dwa lengwistik nou  ak kilti n, kote se divès eleman ki nan rityèl ayisyen, ansanm ak revandikasyon sosyo lengwistik yo k ap nan nannan aktivite yo.

Sou plan enstitisyonèl tou, logo AKA di n kichòy. Li raple n AKA se yon enstitisyon, kidonk gen yon ansanm lwa ki reji fonksyònman l. Ann tou presize, se 2 jiyè 2013 de (2) chanm pouvwa a te vote lwa ki rekonèt kreyasyon kokennchenn  enstitisyon sa a. E,  kote k gen lwa , gen sanksyon, la a nou tonbe drèt nan sa semiyotisyen  Charles S. Pierce rele « légisigne» lan, ki se yonn nan twa monn li yo. Nou p ap di plis pou kounye a.

Pawòl pou nou fini

Nan travay sila a, nou tante mennen  yon analiz semyotik sou logo AKA. Yon analiz ki te mete n nan obligasyon  dekri aspè fizik logo a epi pale sou mesaj lengwistik li charye pandan n ap sèvi ak siy non lengwistik yo . Sa ki te vin pouse n  fè yon apwòch sou plan sosyo-istorik, kiltirèl epi enstitisyonèl. Nou konnen travay rechèch pa  janm gen limit. Se pou sa, n ap di travay sila a, malgre tout limit li ka sèvi lòt moun ki entèrese pou di plis kichòy sou sijè a.

Marvens Jeanty, Ayiti
Etidyan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA)
https://kreyoliti.wordpress.com/

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY (Dènye Pati)

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY (Dènye Pati)

Bòn Fèt Sosyete Koukouy (4èm epi dènye pati)
Ak Michel-Ange Hyppolite, Frantz (Kiki) Wainwright, Lunine Pierre-Jérome

Sosyete Koukouy Kanada kreye nan ane 1984. Rezon ki fè ekip moun nou te ye nan epòk la te chwazi non Sosyete Koukouy la pou nou nouvo gwoup kiltirèl epi literè sa a, se a akoz prezans Manno Ejèn ki te deja manm Sosyete Koukouy depi Ayiti. Nan moman sa a , defen powèt Julio Jean-Pierre te fè nou pwopozisyon an paske, pou limenm, te dwe genyen yon kontinyite ant sa ki te konn fèt Ayiti ak sa nou ap vle nan Monreyal. Depi 1984 la jouk jounen jodi a, prezans mwen anndan òganizasyon an pa moli. Okontrè, li vin yon fason  pou mwen rapousuiv yon rèv literè mwen an avèk yon vizyon espesifik. Se yon egalitè, nou jwenn nan prensip: Tout moun se moun pa gen moun pase moun.

Pandan nou ap pale sou 54 rekòt kafe Sosyete Koukouy la, nou dwe di, nan Sosyete Koukouy Kanada, prensipal travay nou se reflechi sou fason pou nou renouvle pwezi kreyòl la nan fouye  divès branch  oralti a ak lide pou nou aplike yo nan travay ekri nou yo. Nan sans sa a, nou ap sèvi ak lide manm fondatè yo, (Doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou) Henri Claude Daniel (Jan Tanbou) epi Jan Mapou,  ki te pale de Néo-Indigéniste, pou nou ale ti gout pi lwen; entansyon an se renouvle panse Endijenis lan apati pwopozisyon Manno Ejèn, epi Jean-Robert Placide, ki pwopoze konsèp Kreyolizay la. Se konbinezon mo kreyòl la avèk mo lizay la pou nou genyen yon mo valiz: Kreyolizay.

Kidonk, se tankou defen pwofesè Maximilien Laroche te gen abitid di li: se sèvi ak tout sa nou genyen sou teren natifnatal la pou nou renouvle literati, ki ekri nan lang kreyòl la. Konsa, kèlkeswa moun nan peyi a, ki ap tande oubyen li èv literè ki ekri an kreyòl yo, li va santi se limenm tou, ki an aksyon nan yon lòt nivo nan lavi li. Li va wè se pwòp tèt li, li ap gade nan yon glas ak defo li, kalite li, bonte li, prejije li, elatriye. Se kalite travay sa a nou jwenn nan zèv Moris Siksto, Charlot Lucien, Jeann-Claude Martineau (Koralen). Epitou, pi pre nou, jounen jodi a nan liv  Kont Pascale Millien-Faustin an: Tim Tim: Jaden Kreyasyon, Koleksyon Koukouy (2019).

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) M.Ed.
Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy
Manm Akademi Kreyòl Ayisyen

 

Bòn Fèt Sosyete Koukouy
Ak Frantz (Kiki) Wainwright

18 Desanm 1965, 18 Desanm 2019 sa fè 54 an depi Òganizasyon Mouvman Kreyòl/ Sosyete Koukouy ap defann lanng kreyòl ayisyen an epi pwomouvwa kilti lakay. Toudabò, n ap voye yon gwo koutchapo pou fondatè mouvman kiltirèl e atistik sa a, mouvman ki pi ansyen an Ayiti, se: Dr Ernst Mirville alyas (Pyè Banbou), Jean-Marie Denis alyas (Jan Mapou) epi Henri Claude Daniel alyas (Jan Tanbou). Si gen lidè fòk gen moun k ap suiv. Nan sans sa a, nou vle selebre ansyen manm Sosyete Koukouy ki pa vivan ankò, yo trepase ; n ap site : Henri Claude Daniel, Emile Célestin Mégie (Togiram), Yolande Thomas, Mikette Wainwright, Josaphat Robert Large, Arose Ady, Joceline Charles, Limoné Joseph…

Sosyete Koukouy Miyami ap feraye depi 1985. Nou gen emisyon Antèn Koukouy chak dimanch 8 è pou 9 è sou Radyo Mega 1700 AM. Nou gen emisyon Radyo Lekòl sou WLRN 91.3 FM chak vandredi swa 9 è pou 9:30 ak Jan Mapou. Nou gen Little Haiti Book Fair, nou òganize chak ane nan mwa me, kote NOU toujou envete manm Akademi Kreyòl Ayisyen an avèk lòt save ayisyen vin pataje konesans yo avèk nou nan diaspora a. Anmenm tan an tou, nou  patisipe chak ane  nan Miami Book Fair; kote gen manm Koukouy ki patisipe nan diferan panèl. Nou pibliye plizyè liv an kreyòl. Nou ekri chak semenn nan Haïti en Marche nan yon ribrik ki rele Ti Gout Pa Ti Gout, Sosyete Koukouy An Aksyon. Nou fonde premye Revi Literè kreyòl ayisyen sou non: Pawòl Kreyòl: Revi Literè Sosyete Koukouy. Depi nan ane 1968, nou te nonsèlman derape ak premye rekèy kolektif nan lang kreyòl la, nou derape tou premye konkou literè nan lang kreyòl la.  Zèv powèt ki te leve mayòl nan konkou a, te pibliye nan yon plakèt, ki te rele Choublak ak Kamelya (1968). Konkou sa a te òganize nan okazyon fèt manman. Jounen jodi a, nou tabli plizyè Pri literè, toujou pou avansman lang kreyòl la. Nou genyen Pri Woman Kreyòl Jan Tanbou (Henri Claude Daniel), Pri nan domèn lengwistik, ki pote non Dr Ernst Mirville ( Pyè Banbou), Pri Kominikasyon ki pote non Yolande Thomas, Pri nan domèn pwezi, ki pote non Émile Célestin Mégie (Togiram), Pri pou teyat, ki pote nan Jan Mapou. Tout sa, se pou nou kontinye klere nan fènwa kòm Poto Mitan Kilti  lakay.

Kiki Wainwright, Bakaloreya nan travay sosyal
Prezidan Sosyete Koukouy Miyami

 

Bòn Fèt Sosyete Koukouy
Ak Lunine Pierre-Jérome

Jodi a se yon onè pou mwen pou m di Sosyete Koukouy bòn fèt. Senkannkatran se pa senkannkat jou, se yon tout yon vi ki make ak anpil istwa kè kontan men ak anpil touman tou nan travay li pou li  rive fè lang nou an, lang kreyòl la, pran jarèt nan sosyete nou an, pou li kapab kore kilti nou an djanm. Konsa, se yon gran privilèj pou mwen nan moman sa a pou m rekonèt travay Sosyete Koukouy ap fè tribò babò, sitou isit Ozetazini, kote mwen te gen chans fè konesans ak plizyè manb òganizasyon an nan ane 1990 yo.

Se te yon jou kou jodi a, nan mwa dawou 1991, pou mwen komemore Seremoni Bwa Kayiman, Janjan Dezire ak Kiki Wrainwright, de manb Sosyete Koukouy, te vin patisipe nan aktivite SEDRA (Sant Edikasyon, Dokimantasyon ak Rechèch sou Ayiti te met sou pye. Atravè pwezi, mizik angaje, ak bat bouch yo sou kesyon an, m te gen chans tande pozisyon epi  konprann enpòtans òganizasyon sa a, ki te soude ak kilti lakay. Pi devan, se te nan lakou Miyami, nan Libreri Mapou, m t ap pral fè konesans ak Jan Mapou ak Kaptenn Koukouwouj, epi tandòt lòt kanmarad, lè nou te deside mete kanpe REKA (Rezo Kreyòl Ayisyen). Se nan Libreri Mapou, je m te vin louvri sou richès òganizasyon an, kote tout manb ki te prezan yo te resevwa nou tankou pitit kay.  E, depi nan ane 2000 yo, m vin pi konvenk nan travay Sosyete Koukouy ap fè a, akoz Pawòl Kreyòl :Revi Literè Sosyete Koukouy, ki pèmèt mwen fè lakonesans ak istwa mouvman kreyòl ayisyen, kreyasyon kreyòl ayisyen, ak lòt kozman toujou, ki fè m konprann plas mwen, antan konbatan pou pwomosyon lang nan dwe nan mouvman sa a.

Kidonk, jodi a m fyè pou m di nou menm nan Boston, n ap goumen tou pou Koukouy pran jarèt nan kominote pa nou e konsa Koukouy a kontinye fè chimen li pou li mache klere je pitit lakay, e fè yo konprann ak aksepte,  pa dwe gen wout pa bwa, lang kreyòl la se pa nou, se lang nou, se fòs nou, se idantite nou. Se nan sans sa a, m ap di Sosyete Koukouy ak tout Koukouy alawannbadè, bòn fèt ! Annou kenbe djanm pou vansman lang nou an pou yon sosyete ki pi jis.

Lunine Pierre-Jérôme, Ed.D.
Manm Sosyete Koukouy Boston

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY (3)

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY (3)

Bòn Fèt Sosyete Koukouy (3)
Ak Pascale Millien-Faustin epi Jude Jean-François

Nan Sosyete Koukouy Konektikèt, nou ap pwofite nan bèl okazyon sa a, pou nou ankouraje otè ak lengwis ak tout travayè pwomosyon lang kreyòl la, pou yo patisipe nan pri Sosyete Koukouy yo ki ap savaloure travay konpatriyòt Ayisyen ki kenbe lespri nou, nanm nou, sou pwomosyon lang ak kilti lakay tennfas depi  jenerasyon jounen jodi a pou travèse al jwen lèzòt yo ki nan wout ap vini.

Pascale Millien-Faustin, Bakaloreya nan syans imèn
Responsab Sosyete Koukouy Konektikèt
Manm Konsèy Konsiltatif Akademi Kreyòl Ayisyen

 

Bòn Fèt Sosyete Koukouy Ak Jude Jean-François

Tou dabò mwen ap bese byen ba pou mwen salye grandèt ki te pran inisyativ pou yo mete òganizasyon Sosyete Koukouy kanpe. Se sa ki fè mwen ka jwenn tras yo pou mwen rapousib travay yo kòmanse depi 54 lane nan fè pwomosyon kilti epilang kreyòl nou an. Sou wout mwen, mwen rankontre ak Kaptenn Koukouwouj epi nou toujou konn ap pale sou enpòtans lang kreyòl la.

Pandan nou ap rekonèt travay wodpòte ki fèt sou teren  literati a, mwen pèsonèlman, mwen panse li enpòtan tou pou nou (Ayisyen)pwodwi nan tout domèn lakonesans nan lang kreyòl. Nou gen chèchè nan tout domèn: literati, lasyans, nan divès branch konesans sou plan sosyal yo, elatriye. Konsa, tout refleksyon syantis chèche nou yo  ap fè ka pibliye  an kreyòl.

Respè Ayibobo pou tout sila yo ki janbe lòt bò lantouraj lavi a, kwa senbo pou nanm yo. Tout koukouy alwonbadè nan tout branch yo ann kontinye travay la pou sila yo ki nan wout ka jwenn pi plis zouti pou yo devlope rèv libète zansèt yo te tanmen an nan tout nivo lapanse.

Jude Jean-Francois (Palmis)
Bakaloreya nan Travayè Sosyal
Manm Sosyete Koukouy Kanada

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY (2èm Pati)

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY (2èm Pati)

18 desanm 1965 – 18 desanm 2019, sa fè 54 lane.  Semenn sa a, divès manm nan divès branch Sosyete Koukouy yo  rasanble vwa yo pou yo voye yon boukèt bòn fèt pou Òganizasyon Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy ki genyen 54 lane depi li kanpe pou li klere nan fènwa.

Bòn Fèt Sosyete Koukouy 

Ak  Yvon Lamour

18 desanm 1965 – 18 desanm 2019 egal, 54 rekòt-kafe.  Se yon 54 rekòt-kafe,  Sosyete Koukouy (SK) dwe pote avèk anpil fyète.  Premyèman, se kèk grenn òganizasyon  nan milye pa nou an ki genyen tout laj ak jèvrin sa a sou tèt yo, ki rete optimis epi ki ap fè travay vansman lang ak kilti nou san pran souf.

Dezyèmman, depi  nan derapman li, bivize  ak objektif  SK  klè klè klè, nonsèlman  devan Ayisyen parèy yo, premye pyonye yo te kontre babpoubab, men tou devan etranje ak lòt grenn endividi ak enstitisyon  ki konn pran tan pou yo vin  rekonsilye ak istwa, lang epi kilti   Ayiti. Twazyèmman,  SK rive plante epi simaye lanmou ak valorizasyon lang lan nan kè ak sèvo Ayisyen epi etranje tribòbabò,  atravè  travay biwo santral li nan Miyami, ak branch li yo nan Nouyòk,  Monreyal, Otawa,  Boston, Kiba epi Ayiti.

Kontak mwen ak SK te kòmanse fèt endirèkteman, lè m te konn ale Nouyòk nan fen ane 1970 yo prèske chak semen, pou m al patisipe nan aktivite, kote ekip jounal Sèl  ak bonkou pwogresis nan Brouklin Nouyòk  te konn  bay powèt, tankou  Mapou, li powèm yo epi valorize kilti ayisyen. Sou menm woulib la, mwen te tande Kiki Wainwright ak detwa lòt atis nan chante louvrije.  Konferans Doktè  Iv Dejan, fòmasyon m nan Enstiti Kreyòl Indiana, liv Moriso Lewa,  fwotman ak Jean-Claude Martineau ( Koralen), atik nan Jounal Sèl te fin kanzo m nèt nan aprann li, ekri, epi fè diskou maryaj an kreyòl.

Rankont mwen ak  Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj),  atravè powèm avèk atik msye te konn ekri nan plizyè jounal, espesyalman  yon ti jounal an kreyòl  2  frè  Généus yo (Philippe ak Jean Victor) (2 gwo  konbatan )  te konn distribye nan Boston. Mwen vle di: Jounal Koukouwouj Pou Sove Ayiti. Se sa ki pral inisye epi soude kontak mwen ak SK nètalkole jouk jounen jodi a. Rankont, travay ak rapò  mwen ak Kaptenn nan pral metba menm  rankont, travay ak rapò mwen avèk Manno Ejèn epi Jean Robert Placide kòm Koukouy konsekan.

Nan Boston, mwen konn mennen manm SK plizyè fwa vin fè seminè ansanm pou vansman lang lan. Se nan moman sa yo dayè, Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) te derape premye refleksyon li yo, ki pral debouche, kèk ane pita, sou Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, Koleksyon Koukouy (2000). Se premye Esè ki ekri sou pwezi kreyòl Ayiti a an kreyòl. Rive  jodi a, si nan SK branch  Boston an, nou mennen  kouzen Raymond Justin ak Pwofesè Lunine Pierre-Jerôme, Ed. D., ki toude, gentan pibliye liv yo an kreyòl deja,  se menm batay pou vansman lang ak kilti nou an k ap vale teren.

Yvon Lamour, B.A. M.Ed, M.S.W.
Responsab Sosyete Koukouy Boston
Manm Konsèy Konsiltatif Akademi Kreyòl Ayisyen