Avantaj Selebrasyon Lang ak kilti kreyòl ka pote pou Ayiti Ak  Michel-Ange Hyppolite

Avantaj Selebrasyon Lang ak kilti kreyòl ka pote pou Ayiti Ak Michel-Ange Hyppolite

Fòs enperyalis yo laloz kò yo nan tout espas yo kapab. Yo chèche avanataj tout jan yo kapab. Domèn lang lan, limenm tou, se yon espas kote peyi enperyalis kou Lafrans mete grif li anndan yon espas li kreye ki pote non frankofoni. Epitou li mete lajan deyò pou li fè pwomosyon li, paske sa kapab rapòte li pi plis pase li mete deyò a.

Mezi lajan nou, se mezi wanga nou, epi nou dwe kontinye kwoke dyakout nou mezi ponyèt nou ka rive. Nan sans sa a, peyi ki pale  kreyòl yo, ki konnen pise gaye pa kab kimen, chèche yon mekanis pou yo kole tèt yo ansanm, yon fason pou yo jwenn avantaj pa yo nan fason pa yo. Ki avantaj yo kab jwenn nan selebrasyon Lang ak Kilti kreyòl:  fyète pou pitit nasyon sila yo, solidarite nan mitan nasyon sila yo, devlopman ekonomik apati komès sou plan kiltirèl, kou literati, mizik, epi atizay tout kalite nan mitan nasyon sila  yo. Entansyon an, se pa fè ekspòtasyon kiltirèl pou anvayi lòt peyi kreyòl yo. Se pito, kreye yon pon, pou ansanm, nou ralanti vitès peyi enperyalis yo, ki kab vale nou glòt tankou yon bouche tontonm nan asyèt oubyen nan kui pou moun nan sid peyi Ayiti.

Fèt lang ak kilti kreyòl se yon fason  pou ranfòse prezans lang kreyòl yo, kote majorite moun ki pale kreyòl yo ap viv sou tè Ayiti ansanm ak dyaspora ayisyen an. Se yon aktivite ki ap glorifye lang kreyòl yo, redui prejije ki genyen kont lang sa  yo  nan sosyete,  kote pèp natif natal ap sèvi avèk yo.

Se komès ki fè fòs yon peyi. Ou pote vann mwen, voye machandiz al vann lakay ou. Se tankou nou ap chanje chemiz pou moun ki swe pou nou. Lè nou tabli yon kreyolofoni ki dyanm, si nou fè zafè nou kòrèkteman, kòm lagramè,  pitit nou, pitit pitit nou, va jwenn rasin pa nou, rasin pozitif pou yo boujonnen. Nou dwe toujou sonje, pitit nou yo, pitit pitif nou yo ap grandi nan espas, kote yo pa genyen okenn glas pou yo gade tèt yo kòm sa dwa. Se avèk glas lòt moun yo ap sèvi pou yo chèche pwòp tèt yo. Rezilta, pitit nou yo ap grandi nan peyi etranje, pafwa menm anndan Ayiti, avèk model ki pa modèl pa  yo.

Nan peyi etranje, genyen nan timoun nou yo ki konnen yo ap an mezi pou yo chanje koulè lè yo vin gran. Genyen tou ki konprann gen yon moman cheve yo ap vin long menm jan avèk cheve zanmi danfans yo  ki ap jwe avèk sou lakou lekòl la. Rezon an, se paske bò isit yo se yon minorite. Lè nou genyen aktivite kou Mwa lang ak kilti kreyòl, yo genyen okzazyon pou yo benyen nan kilti lakay epi wè, genyen moun  ki pataje menm karakteristik fizik avèk yo an grann kantite devan je yo. Tout moun sa yo, se moun yo kab rive gade kòm sous idantifikasyon.

Lè nou  kreye, devlope yon mwa kreyòl dyanm, nou kreye okazyon pou pitit nou, pitit pitit nou yo rekonèt pwòp tèt yo, bati fyète yo epi rann li posib pou enstitisyon nan divès peyi, kote nou ap viv yo bay lang kreyòl la plas li, tankou sa deja tabli nan vil kou Nouyòk, Boston, Miyami, elatriye. Kalite aktivite sa  yo se katalizè pou genyen plis kou kreyòl ki nan divès inivèsite nan peyi etranje. Aktivite kou Mwa lang ak kilti kreyòl ap bay timoun yo mwayen pou tabli idantite yo kòm sa dwa, epi sèvi avèk pwòp rasin kiltirèl yo kòm referans. Si yo vle, yo kab rapwoche pwòp rasin pa  yo avèk rasin zòt epi kreye kichòy tou nèf tankou sa deja fèt nan listwa limanite avèk kreyasyon lang kreyòl yo, kreyasyon relijyon vodoun an, elatriye. Olye pou yo wont tèt yo akoz fason relijyon vodoun an ap devlope, yo va sèvi avèk konesans yo pou yo fè rechèch ki kab ede netwaye eritay zansèt yo a. Retire ladan  divès eleman ki lakòz responsab lòt relijon kontinye ap lonje dwèt negativman sou vodoun an. Men tou, popilarize aktivite kou Mwa Lang ak kilti kreyòl  se yon fason nou fè lòt konnen nou pi byen sou plan kiltirèl, se yon fason pou pitit nou yo ki sou tè etranje konprann tèt yo pi byen apati pwòp vizyon dimonn pa nou ki natirèl pou nou.

Lè peyi enperyalis yo eseye kraze lang nou ansanm ak relijyon nou se zonbifye yo ap zonbifye nou. Yo ap chèche fè nou bliye pwòp tèt nou pou nou tounen yo menm. Nou dwe kontinye reflehi ansanm jouk nou rive rantre byen fon nan fondas rasin nou epi amelyore li pou nou mete li an amoni avèk reyalite tan modèn yo.

Michel-Ange Hyppolit (Kaptenn Koukouwouj)