Fòm detèminan la apre yon mo – Echanj ant Pauris ak Pierre-Michel (2)

Fòm detèminan la apre yon mo – Echanj ant Pauris ak Pierre-Michel (2)

2-Pierre-Michel Chéry voye reyaksyon li sou atik Pauris Jean-Baptiste la

Fòm detèminan la apre yon mo (3 remak sou kominikasyon Pauris la)

Mwen vle fè 3 remak sou kominikasyon Pauris la:

1) Gen yon kote Pauris site non mwen nan yon referans ki pa pou mwen. Men pasaj la : “Mwen remake kòlèg Pierre Michel itlize ni lanng lan, ni lanng nan nan ‘’Sezon Papiyon” p 11-12”. Se Manno Eugène ki pibliye “Sezon Papiyon”. Anpil fwa editè yo konn chanje òtograf otè yo san konsantman yo. Mwen pa kwè se ka sa a.

2) Men kèk prensip jeneral ki dikte ki fòm detèminan [la] a ka pran apre yon mo. Prensip la chita sou son ki vini anvan detèminan an :

i) Nou itilize fòm [a] :
apre yon mo ki fini avèk yon vwayèl oral (ki pa gen yon konsòn nazal devan l). Egzanp :Leta a (a), peyi a (i), manje a (e), po a (o), kou a (ou),

ii) Nou itilize fòm [an] :
apre yon mo ki fini avèk yon vwayèl nazal. Egzanp : pen an (en), pon an (on), eleman an (an)

iii) Nou itilize fòm [an] :
apre [ou], [i], si de vwayèl sa yo vini apre konsòn nazal sa yo [m], [n]. Sa vle di, apre (mou, nou, mi, ni). Egzanp : zanmi an (mi), cheni an (ni), “doukounou an (nou), jòmou an (mou). Konpare zanmi, cheni avèk peyi, jòmou, doukounou avèk kou.

iv) Nou itilize fòm [la] :
apre yon mo ki fini avèk yon konsòn ki pa nazal. Egzanp poul la, boul la, tab la, pòt la, lekòl la, sous la.

v) Nou itilize fòm [nan] :
apre yon mo ki fini avèk yon konsòn nazal (m, n, ng). Egzanp : moun nan (n), zanmi m nan (m), kòn nan (n), fòm nan (m), pin nan (n), lang nan, pingpong nan, peng nan.
Li enpòtan pou n remake ka konsòn [y] ki mande [nan] nan sèten mo ki gen yon vwayèl nazal ki vini anvan [y] a “peny” ,”liy”,egzanp “peny nan” “liy nan”. Pase peny nan nan cheve w, rete kanpe nan liy nan,

vi) detèminan [lan] … anpil Ayisyen itilize nan plas [nan]

3) Se pou nou remake tandans lakay sèten eskolarize ki pa t aprann kreyòl lekòl, yo sèvi avèk de (2) grenn fòm [an/lan]. Egzanp : peyi an, lekòl lan.en vle fè 3 remak sou kominikasyon Pauris la :

1) Gen yon kote Pauris site non mwen nan yon referans ki pa pou mwen. Men pasaj la : “Mwen remake kòlèg Pierre Michel itlize ni lanng lan, ni lanng nan nan ‘’Sezon Papiyon” p 11-12”. Se Manno Eugène ki pibliye “Sezon Papiyon”. Anpil fwa editè yo konn chanje òtograf otè yo san konsantman yo. Mwen pa kwè se ka sa a.

2) Men kèk prensip jeneral ki dikte ki fòm detèminan [la] a ka pran apre yon mo. Prensip la chita sou son ki vini anvan detèminan an :

i) Nou itilize fòm [a] :
apre yon mo ki fini avèk yon vwayèl oral (ki pa gen yon konsòn nazal devan l). Egzanp :Leta a (a), peyi a (i), manje a (e), po a (o), kou a (ou),

ii) Nou itilize fòm [an] :
apre yon mo ki fini avèk yon vwayèl nazal. Egzanp : pen an (en), pon an (on), eleman an (an)

iii) Nou itilize fòm [an] :
apre [ou], [i], si de vwayèl sa yo vini apre konsòn nazal sa yo [m], [n]. Sa vle di, apre (mou, nou, mi, ni). Egzanp : zanmi an (mi), cheni an (ni), “doukounou an (nou), jòmou an (mou). Konpare zanmi, cheni avèk peyi, jòmou, doukounou avèk kou.

iv) Nou itilize fòm [la] :
apre yon mo ki fini avèk yon konsòn ki pa nazal. Egzanp poul la, boul la, tab la, pòt la, lekòl la, sous la.

v) Nou itilize fòm [nan] :
apre yon mo ki fini avèk yon konsòn nazal (m, n, ng). Egzanp : moun nan (n), zanmi m nan (m), kòn nan (n), fòm nan (m), pin nan (n), lang nan, pingpong nan, peng nan.
Li enpòtan pou n remake ka konsòn [y] ki mande [nan] nan sèten mo ki gen yon vwayèl nazal ki vini anvan [y] a “peny” ,”liy”,egzanp “peny nan” “liy nan”. Pase peny nan nan cheve w, rete kanpe nan liy nan,

vi) detèminan [lan] … anpil Ayisyen itilize nan plas [nan]

3) Se pou nou remake tandans lakay sèten eskolarize ki pa t aprann kreyòl lekòl, yo sèvi avèk de (2) grenn fòm [an/lan]. Egzanp : peyi an, lekòl lan.

Fòm detèminan la apre yon mo – Echanj ant Pauris ak Pierre-Michel (2)

Fòm detèminan la apre yon mo – Echanj ant Pauris ak Pierre-Michel (1)

1- Eklèsisman Poris:

Kreyòl, san prejije, nan respè chapant lang lan

Yon jou, pandan yon reyinyon Konsèy Administrasyon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), mwen pa fin sonje sa m te di, kòlèg Rogeda Dorcé Dorcil atire atansyon mwen. Li fè m remake mwen toujou di “lang lan” olye ‘’lang nan’’. Depi jou sa a, konsyans mwen reveye sou kesyon an. Kit alekri, kit aloral, distenksyon ‘’lang nan’’ ak ‘’lang lan’’ toujou frape atansyon mwen. M ap plis pran egzanp alekri yo pou m eseye abòde kesyon an. Paske, aloral, zòrèy mwen ka twonpe m. Yo ka ban m bouden fè m tande sa m abitwe di, menmsi se lòt son m ta dwe tande.
Men kèk done mwen ranmase pou ede klere kesyon an:

1- Serge Bellegarde, nan mesaj 28/02/2019-12:22, ekri:
– Se poutèt jan lanng lan ap devlope nan peyi a…ak moun k ap defann lanng lan
– Valorize sa ki pa nou, tankou lanng nou se menm bagay pou lanng lan

2- Kaptenn, jedi 28/02/2019, 09 :29
– Bay timoun yo trening nan matènèl yo… kòmsi se lang lan ki ap devlope tèt li.

3- Emmanuel Eugène 27/02/19…….16:39
– Antan yon atis, lanng lan se yon materyèl, li pa menm ak lanng kominikasyon an
– Levit pou…anbeli lanng lan
– Efè li fè sou lanng lan
Konsilte Avètisman Sezon Papiyon, p. 11-12, otè a.

4- Pierre Michel Chéry ( nan Haiti en mache, 28/02/2019 )
Lang nan pèmèt nou wè fòs politik
Lang nan fè fòs politik
– Depi yon timoun antre lekòl, l ap aprann lang nan
Mwen remake kòlèg Pierre Michel itilize ni lanng lan, ni lanng nan nan ‘’Sezon Papiyon” p 11-12

5- Raymond Justin ( 27/02/2019…19:35)
– Evolisyon lang nan se nan men popilasyon an l ye.

6- Diksyonè F. Vilsen, p.288 nan definisyon mo lang.
Lang nan kage manje a desann nan ozofaj la ki gide manje kraze a nan lestomak
– Anlè lang nan
– Gou dous nou pran nan pwent lang nan, gou si nou pran l nan seksyon pa dèyè lang nan

7- Gesner Jean-Paul
– Gen travay nou dwe fè sou lang nan .
(Pazaj sa a se aloral m ranmase li. M te mande otè li repete epi fè li konfime se sa li di vre).

8- Emmanuel W. Védrine – Pawoli nan yon woman Pauris Jean-Baptiste (me 2000), Nan Peyi Zoulout.
– Se tout melanj sa yo ki kolore lang nan epi klase mòd pale sa a nan yon lòt nivo
– …. lang nan se lang matènèl nou li ye.

9- Deyita ( Kont nan Jaden Peyi Titoma), juin 1991
– Kaporal ki te gen bout lang nan kouri lakay Piggalòt (p.42).

10– Rogeda Dorcé Dorcil
Lang nan (Mwen bay egzanp sa a paske se kòlèg la ki te atire atansyon m sou sa).

11-Tontongi ( Critique de la francophonie haitienne – 2007)
– Nou santi lakay li (L. Hurbon) yon gran respè pou lang lan ( p.219).
– Barthes kòmante e mete ajou nati keksyon lang lan (p.221).
– … grameryen yo, ki fikse e kodifye izaj lejitim lang lan (p.223).12- Jude DUVERNÉ, yon jèn powèt Pòdepè, ekri nan rekèy ‘’KAYE BOUYON parabòl tetegoch’’ :

lang nan li
lang nan ekri
lang nan chante
lang nan konte
lang lan gen règ li
lang lan bay donn pou li trase
chimen bay tèt li pase
lang lan di foug foli nou kont…

Nan reflechi sou kesyon ‘’nan’’ ak ‘’lan’’, de (2) fòm varyant pou detèmine sibtantif ‘’lang’’, selon orijin lokitè a, m ap mande m si se pa menm fenomèn lan ki rive avèk lòt sibtantif tankou :

Moun nan/moun lan, nonm nan/nonm lan, fanm nan/fanm lan, zòn nan/zòn lan, bòn nan deplase/yo deplase bòn lan.
M ap mande tèt mwen ki fòm detèminan sengilye k ap mache avèk mo tankou : ang, triyang, rektang, mang, zong, …

Mwen plis vle kwè fòk nou asepte tout fòm yo san prejije, ni diskriminasyon, nan respè pwòp moul chapant lang lan. Li ta petèt enteresan pou chache konnen nan ki zòn Ayiti moun ki di ‘’lang nan’’ oswa ‘’lang lan’’, moun sa a grandi pou trape fòm ki natirèl pou li a.

Pauris Jean-Baptiste