“ALINA PRAN NAN SIPRIZ” AK MAUDE HEURTELOU

“ALINA PRAN NAN SIPRIZ” AK MAUDE HEURTELOU

Se mwa janvye, se sezon kado: men kado Maude Heurtelou ak REKA pote pou lektè yo.

ALINA PRAN NAN SIPRIZ

AK MAUDE HEURTELOU

Depi yon semèn, anpil timoun nan Pòtoprens ap pale de Sik Patapouf ki ap vini sou Channmas. Alina vle ale nan sik la kanmenm samdi pwochen, men, se pou li peye 50 goud pou li antre. Anplis, se pou li gen lajan pou li jwe, epi, achte manje. Madan Gaston, manman Alina, te di : “Alina, mwen gen mwa kay la pou mwen peye ; mwen pa kwè m ap ka voye w ale nan sik la samdi:’

Kote Alina pral pran tout lajan sa a? Apa de lajan nan bwat sekrè li a, li pa gen yon goud nan pòch li. Alina pa ta renmen kase bwat sekrè a nonplis. Leyon gen tan gen 20 goud deja! Li anreta, limenm. Antouka, si Leyon prale, li prale! Li vle ale kanmenm!

Alina konnen Sik Patapouf pa vini Ayiti souvan.

Se pou sa, li pa p manke opòtinite pou li ale wè kloun yo, akwobat yo, majisyen yo, elefan yo, ak tout lòt bèt ki pral fè piwèt sou pis la. Alina detèmine, li pa p pèdi okazyon sa a, se pou l ale kanmenm ! Se pou li al monte glisad, cheval ak manèj yo. Sa ki pi eksitan an, se monte gwo wou yo kote ou chita, epi, li woule monte, woule desann. Alina dòmi reve li nan sik la.

Nan demen maten, Alina leve ak yon plan nan tèt li. Depi bonè, li kòmanse ede manman l fè travay nan kay la. Madan Gaston te gen pakèt rad pou li plwaye. Alina ede li plwaye tout. Apresa, li ale mete yo nan plas yo pou moman l.

– Manman, ou wè jan m ap ede w depi m maten?

– Mwen wè sa, pitit. Mwen kontan anpil w ap ede m.

– Manman, ou panse ou ta ka ban m yon ti kòb pou sa?

– Non, pitit. Si mwen peye w pou sa, se pou ou peye m pou sa tou ! Se lesiv fanmi an n ap plwaye, wi.

Alina t ap ede manman l pou manman an te ba li yon ti kòb. Gen lè manman l pa p ba li anyen!

Alina deside pwoche papa l. “Dat mwen pa

janti ak papa m!”

– Papi, papi, men yon ti ji grenadin mwen pote pou ou.

– Oo! Ji grenadin menm! Ki moun ki fè l? Kote ou jwenn grenadin sa a?

– Se mwen ki fè l pou ou, papa. Mwen fè l poukont mwen. Manman m te achte grenadin nan pou li fè ji pou tout moun, men, mwen te vle fè ji sa a pou ou sèlman.

  • – Anhan ! E lòt moun nan kay la, ou pa ba yo ji?

    – Ji sa a mwen fè l espesyalman pou ou.

    – Anhan ! Mwen konprann. Ki sa ki dwe fè ou janti

    konsa avèk mwen jodi a, Alina?

    – Mwen toujou janti, papa. Men, jodi a, mwen pi janti paske mwen vle mande w yon ti kòb.

    -~ Anhan! Se pou sa ou netwaye soulye mwen yo tou?

    – Wi, papi.

    – Se byen malere, Alina. Mwen razè. Mwen pa gen

    kòb semenn sa a. Mèsi kanmenm.

    Alina kòmanse enkyete. Manman l di li pa p peye l pou li fè travay nan kay la. Papa l di l li razè. Ki sa li ta fè la a?

    – Oooo! Mwen gen yon lide.

    Se konsa, Alina sonje Leyon te pèdi pè tenis li a depi avanyè. Alina fè tout tou kay la, li gade nan chanm, nan salon, nan kizin, nan salamanje, anba bifèt, anba tab. Toupatou. Alina gade anba kabann Leyon an, epi, li resi vin jwenn tenis yo.

    – Leyon, Leyon! Mwen jwenn tenis ou yo. Ki sa w ap ban m pou sa?

    – Alina! Ou jwenn tenis yo? Oooo! Ou se yon bon sè, tout bon vre. Mèsi anpil Alina. Te m fè yon ti bo pou ou. « Piyout! »

    – Ki sa, Leyon? Yon ti bo menm? Mwen pase tout tan sa a ap chèche tenis yo pou ou, mwen jwenn yo, epi, se yon ti bo « Piyout ! » ou gen pou mwen? Sa pou m fè ak bo a?

    – O! M ap di w. Bo a se yon ti bo afektye yon frè bay gran sè l. Bo mwen pa gen pri. Ou ta pito lajan?

    – O wi! Mwen ta pito lajan. Mwen konnen ou gen 20 goud. Ban m 10 goud ladan!

    – W ap reve, Alina ! Kote ou ta wè sa!

    Nan mèkredi, Marenn Alina vini an vizit.

    – Mwen konnen Sik Patapouf ap vini samdi, se pou sa, mwen pote yon ti rad ak yon pè soulye pou Alina ka ale byen bwòdè! Mwen konnen Leyon plen chemiz ak pantalon. M ap ba li yon ti monnen pito.

    Marenn Alina pote yon bèl rad ble ak yon bèl pè soulye woz ak ne blan pou Alina. Alina kontan. Li kontan p pral nan sik la ak rad epi ak soulye nèf. Men, li gen yon pwoblèm toujou. Li po ko gen senk kòb pou li peye tikè a. Kòm marenn li pote rad ak soulye pou li, li pa ka mande l pou li peye tikè a. Sa ta twòp.

    – Marenn, ou pote rad sa a ak soulye sa yo pou mwen ale nan Sik Patapouf la, pa vre?

    – Wi, pitit. Mwen pa ka tann pou mwen wè si rad la ap byen chita sou ou.

    – Wi marenn. Men, marenn, jodi a se fèt mwen, wi.

    – Se fèt ou? Oo! Kijan mwen fè bliye sa. Ojis, jodi a ki dat?

    Alina pat atann kesyon sa a. Jodi a pa fèt li vre. Li t ap eseye pran ti kòb nan men marenn li.

    – Alina, cheri, kòman ou fè pa konnen dat fèt ou?

    – E, eeeeee …. Jodi a …. Jodi a se … Manman, jodi a ki dat?

    – Jodi a 3 septanm Alina …

    – Ki fè, se 3 septanm ou fèt, Alina? Marenn nan mande, ak dout.

    – Ou …. Wi; marenn.

    – Men, sa dwòl. Alina, mwen sonje se 6 desanm ki fèt ou .. .

    – Ou …… ou … wi, se 6 desanm, wi. ..

    – Men, ki jan, mwen pa konprann! Ou fèk di m jodi a 3 septanm se fèt ou tou …

    – Eeee …. Mwen te bliye, wi. ..

    – Alina, èske li posib ou t ap eseye ban m yon ti manti?

    – Ou …. Wi , marenn. Eskize m, wi.

    Madan Gaston pwoche pou li konprann sa ki ap pase a.

    Maude Heurtelou, Educa Vision, 2017, « Alina Pran nan Sipriz » paj 5,7,9,11,13,15 nan Koleksyon  sak pase?