ALARIVE VIRIS  LA!     Ak Gary Daniel

ALARIVE VIRIS LA! Ak Gary Daniel

ALARIVE VIRIS  LA!

Ak Gary Daniel

trip mwen ap bouyonnen

yon pleyad retay gouyad eleman chimik

nan ble pèdisyon ralemennenvini

sou tèt pye vèt bwa van mawon

bouskay traka goumen anvi viv

nan vale loksijèn san kontwòl

ponyen bras lakilbit sou rèl

boukantay bouke bouske bout lè fre

nan pik malè pandemik

kè m ap bat nan plan men m

lakonesans lonbraj viris pichon envizib

k trennen lafwa boukante nanm nwasè laperèz

nan kacho kowona san zuit konsyans

sosyete chanpwèl pakoti boule bwat kare

sekrè lekzistans mounite sou branka syanm blan

dekilote

degrennen

dechèpiye lwa pengwen

anba kouvèti koutpwent mawon mounite

men sou tèt zo klere

men nan machwè

men debra lage

dwèt ap tranble

karyonnen anmwey lapriyè k pèdi gou zès sizonnay lay

vag tripotay sale gran gagann an kalifouchon

larezone yon nen san larim zòt benyen malere

salezon gwo pwason plen zo nan tray ti kouran

klwazon pikan kwannan vag lanmè boulvèse

tè limite dlo sale k oun dous lave

boul mikwòb anba solèy pike midi san van

Wi! lafimen san twou nen pa deranje zye malen.

Nèg Gonbolyen

Garydan1@yahoo.comManm Sosyete Koukouy Kanada

Onz avril demil ven

Fòm pwezi Fantezi (Mwa avril se mwa pwezi Ozetazini ak Kanada)

Fòm pwezi Fantezi (Mwa avril se mwa pwezi Ozetazini ak Kanada)

Fòm pwezi Fantezi
Ak
Jean-Robert Placide epi Michel-Ange Hyppolite

Fantezi, se non Jan Mapou bay yon fòm pwezi Sosyete Koukouy Miyami devlope nan ane 1980 – 1990 yo. Daprè Mapou, yon powèt-dramatij, « Fantezi se yon fòm ki ap kadanse sou mo byen marinen ak mo ki ap sonnen chak fwa fraz pwetik la tonbe fè loupin ».

Nan oralti kreyòl, tout egzanp Fantezi nou jwenn yo, se jwèt avèk son, sètadi asonans, eko sonò, monorim, epi yo devlope yon tematik avèk yon nivo langay lejè, yon tematik fantezis. Fantezis sa vle di tèm ekriven an ekri pou bon plezi li epi pou li pran plezi ak pwezi. Se menm jan an tou, nan literati kreyòl la, Fantezi sipoze se jwèt ak son osnon amizman ak yonn nan eleman ki konpoze langay la, pandan sanba a ap pale yon sijè pafwa avèk kapris, san suiv okenn modèl klasik etabli.

Pwezi Mapou a ak jwèt fonetik yo, avèk omeyotelet (homéotéleute) oubyen avèk epifò (épiphore) avèk asonans iossonance], ak monorim (monorime), oubyen ak totogram (tautogramme) yo ki mete tèks la kanpe, se yon egzanp ki kapab pèmèt nou wè plizyè teknik estetik repetisyon ki kab sèvi pou fè fantezi.

Ni nan literati kreyòl, ni nan literati franse, fòm estilistik sa yo, ki balanse selon fantezi powèt la, konn bay tèks sanba yo yon plezi fantezis, yon figi fantezis. Se nan sans sa a, Michel-Ange Hyppolite (2000), nan Istwa pwezi kreyòl, p. 240, te ekri « Youn fantezi se yon teknik pou dekore pwezi. Youn fantezi se siwo sou gato pwezi ». Anplis, Michel-Ange Hyppolite fè nou remake tou, teknik fantezi mache ak amati pwezi a. Tèks ki pote non fantezi yo pa sèlman tèks pwezi ki kout.

Yonn nan pwezi fantezi travay Sosyete Koukouy pwodui, se yon tèks Jan Mapou ekri ki parèt nan prefas Pè sèt (Josaphat Large, 1994). Nou jwenn yon vèsyon tèks la ki plkonplè , pami 3 lòt fantezi Mapou ekri, ki parèt nan antoloji Mozayik (Woje E. Saven ak Drèksèl G. Woudsonn, 2007, nan p. 30).

Anba youn lalin kristalin Sou tèt youn kolin

Sou wout Iasalin Fransin ak jozefin

Ap/è dodin

Sou sak farin youn machin.

 

Katrin kouzin Karin Pitit-pitit Kawolin Ap koute Edwin

K’ap jwe youn mandalin

(Jan Mapou)

Nan tèks Mapou sa a, nou obsève sekans silab (in) nan parèt plizyè fwa nan fen fraz yo. Se yon fòm estilistik yo rele an fransè homéotéleute nou pwopoze pou rele omeyotelèt an kreyòl. Fòm estilistik sa a, yon sèl rim (in) nan, li sanble anpil ak asonans, epi yo rele li tou monorirn oubyen laisse monorime. Nou ap siyale, powèm fantezi a pa respekte koze kantite pye osnon silab, ni koze kalite rim yo, tankou nou ka jwenn li nan yon powèm ki ap imite osnon ki respekte règleman pwezi klasik franse. Sa nou remake ankò, pwetik tèks la òganize pousekans silab (in) nan kontinye repete, « fè Ioupin » anndan tout kò tèks la, tankou – nan yon jwèt eko son (écho sonore) rale mennen vini, (de fwa, yon fwa) antre soti, oubyen tou tankou yon espès rim anndan kou deyò. Ou va di se yon espektak-kote pwezi fantezi a ap pran plezi li.

Egzèsis literè Mapou a sanble li gen fondas li nan oraliti a, kote nou ka jwenn plizyè tèks fantezi. Paregzanp, chante jwèt timoun, pwezi jwèt ak non moun. Yon premye tèks se ta Madan Timote ki konpoze avèk repetisyon silab (te) oubyen ak son ( e) nan final mo yo.

« Madan Timote, gwo tete, ale nan sinema varyete, li achte yon tas te,

li tonbe grennen pete san rete >>.

Yon lòt ankò se ta Serafen ki fèt avèk repetisyon silab (fen) oubyen presizeman avèk son (en).

« Serafen pye fen ap fè tenten, devan sakristen,

pou vye moso pen ».

Yon dènye egzanp, se ta Anatòl, avèk sonans (òl) la. « Anatòl monte sou yon tòl,

pou l’al keyi kowosòl.

Yon gèp panyòl bobo l’ sou dyòl ».

Tèks sa a se yon lèz nan yon atik ki rele Fòm Pwezi Kreyòl. Moun ki ekri li se Jean-Robert Placide epi Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj). Yo te pibliye li nan Pawòl Kreyòl: Revi Literè Sosyete Koukouy, (2013) Volim, 3. Nou respekte òtograf orijinèl tèks powèm yo.