« Kreyolizay » : pasrèl penti ak literati – Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)

« Kreyolizay » : pasrèl penti ak literati – Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)

« Kreyolizay » : pasrèl penti ak literati
Publié le 2020-09-04 | Le Nouvelliste

Avan yon atis pran penso li, trase liy, mete koulè, genyen tout kalite vibrasyon ki pase anndan l. Yon seri enèji powetik, li pral transfòme pou li kreye imaj, pou li di pawòl pa li. Espresyon lide sa yo pran yon fòm pliryèl. Langaj la miltip epi miltifòm, paske li diferan pou chak kreyatè, pou chak admiratè ki pran san li pou li renmen yon zèv san kondisyon ni prejije estetik. Devan travay yon pent, nou kab genyen yon admirasyon san limit, konsa tou, nou kab genyen tout kalite filing, ki rantre nan kan koupe koutje epi vire ale.
Nan obsève tablo Merès Wèche fè sou Konpè Filo a, atis la rele « Kreyolizay », mwen genyen sansasyon pa mwen, zye mwen pote ban mwen. Pi plis toujou, koulè nan tablo a, ki estimile sans mwen yo, se pa menm koulè sa yo ki pral estimile sans yon lòt moun. Se la tou, nou pral rantre nan degre apresyasyon suivan konesans admiratè a genyen nan branch atistik ki devan je li a.
Nan obsève tablo Mérès Wèche la, gen yon premye plan ki se: ason, chapo pay, bèl bab blan, liy pantak oubyen vèvè, divès koulè ki parèt nan tablo a, elatriye. Chak kontanplatè ak kritik atistik, ki ap gade tablo a, pral sèvi avèk pwòp dòz eksperyans pa li nan lavi pèsonèl li, oubyen degre konesans atizay li, pou li kite tablo atis la pale pou li oubyen pale avèk li. Kèlkeswa jan nou vire li a, genyen yon kominikasyon ki tabli. Se apati moman sa a, nou pral kite sans apresyasyon nou mennen nou ale pi fon anndan tablo a, oubyen ankò, nou pral fèmen pòt lespri nou epi voye kle a jete byen lwen pou nou pa retounen gade tablo a yon dezyèm oubyen yon twazyèm fwa.
Lè nou konsidere foto Konpè Filo Mérès Wèche fè a, nou kab di, li rale nou, li chame nou. Chak detay, nan premye nivo, reveye yon lide nan lespri nou. Se tankou tablo kreyolizay Wèche la ap pale langay literati kreyòl ak nou. Nan pwodiksyon piktiral la, atis pent lan esprime powetik epi estetik powèt Manno Ejèn rele : nouvo kreyolizay.
Sou tout fòm, fezans atizay fèt ak langay powetik, se sistèm siy senbolik. Konsa, nouvo kreyolizay, kòm fòm langay ak fon panse, kapab manifeste an siy senbolik nan pwezi, nan woman, nan teyat toukòm nan penti, eskilti, dans ak chante. Sistèm siy semyotik ki ratache ak nouvo kreyolizay la, se yon nouvo panse estetik popilè (endijèn, vodoun) pou nou atenn, yon fason « pou [nou] touche yon nouvo ideyal powetik » (Manno Ejèn, Sezon papiyon, 2013).
Dapre definisyon Manno Ejèn (2013), kreyolizay konpoze ak 2 mo: « Kreyòl pou valè, pou kilti, pou vizyon, epi lizay pou respè, mannyè, atitid, abitid. » Se yon mo valiz, ki aglitine kreyòl + lizay, ki marande, asosye chan leksikal mo kreyòl la avèk chan leksikal mo lizay la.
Nouvo kreyolizay se yon nouvo panse estetik popilè (Ayisyen) nouvèl jenerasyon ekriven kreyòl yo genyen, ki chita sou powetik, estetik ak etik kreyòl, anfèt yon poyetik, yon fezans atizay ki anbrase tout domèn atistik yo : atizay plastik yo, penti, eskilti (bwa, wòch, metal), atizay vizyèl, koregrafi, dans, atizay mizikal, chante, atizay oralitè ak literè, rakontay, woman, teyat, pwezi, esèy… (Cf. Jean-Robert Placide, Potomitan.info)
Tandans kreyolizay, kòm nouvo panse estetik popilè a, koumanse nan ane 1965 yo, avèk Mouvman kreyòl / Sosyete Koukouy, ki deside manbre Literati kreyòl ayisyen an. Li manifeste nan fòm atizay ki souse nan powetik ak estetik vodoun, tankou chante rasin, mizik rasin, penti, eskilti, teyat ak pwezi rasin yo. Paregzanp, avèk gwoup mouvman Atis rezistans yo, kreyolizay la manifeste nan atizay metal yo, kote yo devlope yon estetik « demanbre vodoun», ki konplètman diferan ak « esthétique du délabrement » an, « esthétique de la déconfiture » la, oubyen « esthétique de la dégradation » an ki gen rapò ak fenomèn natirèl « entropie / déconfiture / dégradation» an. Konsèp « demanbre vodoun » an pa gen okenn rapò ak « démembrement » fransè a, ki se rache manm, divize, pataje. Tandiske demanbre vodoun an se repozwa lakou a ki pa ka pou pèsonn nan fanmi an.
Pou plis enfòmasyon sou Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy nou kab konsilte Kaye Kreyòl # 3 (2000) Edisyon Koukouy
Prensipal atis rezistans yo (André Eugène, Jean-Hérard Celeur, Frantz Jacques …), kòm atizan rekiperatè, yo itilize aspè ekoloji lokal la, ak batanklan yo ranmase nan lari a pou yo chapante eskilti yo, men kòm atis rasin anplis, yo sèvi tou ak dimansyon vodoun an (powetik ak estetik), nan rajoute demanbre moun ki mouri : manm tankou tèt, je, kò moun ki mouri, biten, batanklan ak patrimwàn moun mouri yo kite ki nan demanbre yo. (Cf. Jean-Robert Placide, Potomitan.info)
Lè Mérès chwazi rele tablo a kreyolizay, ak tout eleman endijèn vodoun lokal li sèvi yo, atis la demontre tou, tèm nouvo kreyolizay Manno Ejèn (Sosyete Koukouy) itilize nan literati a, kapab rantre nan branch atizay, pou atispent yo. Konsa, travay atistik Mérès la fè tèm kreyolizay la vin pran yon dimansyon estetik anplis. Nou panse, estil imajinasyon kreyatif Mérès Wèche itilize pou li kreye tablo a merite pou li pote non « Kreyolizay » . Konsa, modèl tankou tablo Konpè Filo Mérès Wèche la ta ka vin debouche sou pwojè ogmantasyon richès patrimwàn peyi a, ansanm ak anbelisman demanbre nasyon an.
Pandan nou ap di tout pawòl sa yo, se yon segman nan tèks Claude Bernard Sérant an ki ap pase nan lespri nou. Nan segman pawòl sa a, Claude Bernard Sérant te nomen non plizyè potorik moun tankou : Annou li:
Etzer Vilaire ; Émile Roumer ; Josaphat Robert Large ; Claude C. Pierre; Alexandre Dumas ; Pétion et Bolivar ; Césette Dumas ; Henri Christophe et sa femme, titrée «Le dernier entretien» ; Jean-Claude Garoute, nou konnen sou non Tiga ; Jean Brierre. [Dènye a se] « Konpè Filo » dans sa totalité d’homme, de journaliste et de grand adepte du vodou. (Cf.Le Nouvelliste, Kreyolizay: une toile de Wèche pour perpétuer dans la mémoire Konpè Filo).
Nou poko genyen chans admire tout tablo ki mache ak prezans divès moun selèb sa yo nan devlopman sosyete Ayiti a. Se sèten, depi KOVID la rantre nan faz kalmi, nou dwe fè yon koutpye nan estidyo Mérès Wèche nan Monreyal, pou nou apresye divès moun sa yo, nou konsidere kòm grandèt nan espas literè epi istorik peyi nou an: Ayiti. San dout, Mérès Wèche dwe kreye chak pòtrè sa yo avèk karakteristik espesyal yo. Tankou li fè sa pou Konpè Filo : « En le peignant avec tout ce qui le caractérisait sur le plan spirituel et communicationnelː son humble chapeau de paille, son dyakout, ses colliers maldyòk et tout son «batanklan» de radio, j’ai tenu à lui rendre l’hommage qui lui est dû dans la stricte observance de son vécu quotidien.» (Cf. Claude Bernard Sérant, Le Nouvelliste)
Depi atis la fini avèk travay kreyasyon an, travay la vin genyen pwòp lavi pa li, ki kab ale pi lwen toujou pase lavi atispent lan. Kalite lavi ki mache ak zèv la devlope yon anbyans espesyal alantou li, ki ap simaye plezi estetik pou tout yon nasyon. Pou mesaj atispent lan kontinye wout li, se esansyèl pou chak enstitisyon, ki konekte avèk branch lavi nasyonal, kote grandèt sa yo ta pe evolye a, achte tablo sa yo. Se yon fason pou sosyete a kontinye pwolonje prezans divès moun sa yo nan yon espas santral anndan enstitisyon ki konsène a, selon domèn pwofesyonèl oubyen atizay pèsonalite sa yo. Nan ka pèsonaj istorik yo, se panteyon nasyonal la ki ta genyen responsablite achte tablo a.
Anfèt, panteyon an pa la senpman pou nou reviv evennman istorik. Nan pèspektiv yon pasrèl ant penti ak listwa epi literati, panteyon an kab fè nou reviv dantan literè nou oubyen atistik nou. Sa se yon pwopozisyon pou Leta ta achte tablo penti tankou pwodiksyon Jean-Claude Garoute, nou konnen sou non Tiga.
Nan grandi mwen, se chak semen mwen te konn pase nan galri atizay Poto Mitan sou Lali a, kote Tiga konn pran tan li pou li prezante mwen zèv pa li, zèv Patrick Vilaire, zèv Frido (Wilfrid Austin-Casimir) ak plizyè lòt atis ankò. Se nan menm epòk la tou, Tiga te li pou mwen yon tèks pwent:
Tè nèg / Kann nèg / Sik blan.
Estil tèks sa a, Tiga te gen abitid li pou nou an, nou vin rele li wongòl nan Mouvman literè Sosyete Koukouy. Nan epòk sa a, se HASCO ki te fè sik nan peyi a. Epitou, se te fason pa Tiga pou li te poze pwoblèm nasyonalizasyon resous yo nan peyi a. Men, nou pa kwè Tiga te janm panse HASCO ta disparèt yon jou epi se an Dominikani pou nou ta al achte sik.
Ak tablo ki reprezante Jean-Claude Garoute (Tiga), Mérès Wèche remete Tiga nan lespri mwen. Avèk tablo « Kreyolizay » la, panse atis la se yon pasrèl ki relye penti ak ekriti nan dimansyon senbolik yo. Jean-Bernard Serant byen esprime li : « Ce tableau de Wèche est une écriture picturale qui interprète la vie de Filo à travers des signes, des symboles, des sources culturelles dans lesquelles le natif-natal a plongé son être pour devenir ce vodouisant total tourné vers les dieux de l’Afrique. Cette espèce d’herméneutique en couleurs, en signes et en symboles, chez un créateur, qui arrive difficilement à contenir en lui la dichotomie écriture-peinture, rend ce témoignage d’art, sur une figure iconique, d’autant plus captivant, qu’il va au-delà de tout discours descriptif de nature verbale ou littéraire. » (Cf. Claude Bernard Sérant, Le Nouvelliste)
Konsa, avèk pwodiksyon piktiral natif natal yo, prezans foto divès potomitan sou plan istorik epi kiltirèl sa yo nan yon espas nasyonal ka sèvi fòs pou yon jenerasyon moun ki nan wout ap monte. Tablo penti wodpòte kon sa yo ta kapab dekore salon prive, oubyen salon souvnans ak salon memwa ki nan enstitisyon Leta kou prive yo. Pwojè Panteyon nasyonal la avèk aspè (acquisition) zèv wololoy tankou « Kreyolizay » Mérès Wèche la, se va an menm tan yon fason pou atispent lan reveye pasyon lakay chak moun nan moman yo ap admire zèv Poto Mitan nasyonal sa yo. Alaverite, nou dwe toujou sonje lavni an se nan men lajenès li chita. Se tyovi yo galata lavni.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)
Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy
Manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen