
REKA mete chapo ba pou 10 Akademisyen Kreyòl tou nèf
ENTÈVANSYON POU ENSTALASYON 10 NOUVO AKADEMISYEN
NAN AKADEMI KREYÒL AYISYEN
30 JEN 2022
Yvon Lamour
Salitasyon:
Mesye Rogeda Dorcé Dorcil, Prezidan
Manm Konsèy Administrasyon
Manm Sekretarya Ekzekitif
Akademisyen yo
Manm Konsèy Konsiltatif la
Manm tout lòt enstans ak biwo leta yo
Manm laprès
Mesyedam Lasosyete,
Onè, Respè! Mwen genyen privilèj ak plezi pou mwen konplimante 10 nouvo akademisyen parèy mwen nan seremoni enstalasyon nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) jodi jedi 30 jen 2022 a. Mwen vle salye fanmi nou, zanmi ak lòt relasyon toupatou ki konnen oswa wè Akademi Kreyòl Ayisyen ap enstale nou. Espwa mwen se pou nou chak resevwa epi mete makòn onè sa yo anndan kè nou, amize nou pandan seremoni an, epi kòmanse di: “Viv kreyòl, lang manman ak papa nou!”
Ala bèl seremoni enstalasyon sa a bèl, lè nou ka sonje ki jan se sou zepòl anpil manm Akademi Kreyòl Ayisyen an ki prezan ak nou nan moman sa a, san nou pa bliye zansèt yo ki pa te toujou resevwa glwa ofisyèl, men ki te travay pou yo te ka kite eritaj lang ak kilti a pou nou. Ki jan pou nou pa ta rekonesan anvè timoun ak granmoun k ap pran brimad, lè yo itilize lang lan nan plantasyon, nan kay, nan lekòl, nan biwo, san nou pa bliye lari a?
Fyète ak privilèj sa a vin fè nou pale sou akèy ak antousyas k ap tann mesyedam nouvo Akademisyen yo anndan enstitisyon an. Vini ak lide pou nou benefisye epi kontribye. Kidonk, vini pou nou aprann epi pataje konesans nou, prensipalman nan yon ekwasyon bay epi pran.
Si Pauris Jean-Baptiste ak Monseyè Pierre André Pierre, nan asistans lan, n ap salye yo pou lidèchip yo te bay AKA kòm 2 ansyen prezidan. NOu vle resalye Prezidan Rogeda Dorcé Dorcil pou kontinuite ak lavni AKA l ap rapousuiv nan zanzèt yo.
Kite mwen pwofite konplimante tout akademisyen ak lòt moun ki konn travay pou avansman lang lan, paske mwen santi se sou zepòl yo nou chita pou nou rive menm genyen ekzistans Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA). Nòmalman, se sou plizyè zepòl nou kanpe pou nou mennen travay la jodi a.
Mwen ta renmen simen plizyè laye konpliman pou chak grenn pami 10 nouvo Akademisyen parèy mwen yo ki nan asistans ak fanmi yo, zanmi yo, kòlèg yo, pitit oswa pitit pitit yo, kit sou zoom, kit nan sal kote seremoni an ap fèt la.
Dizondi, plen travay ki bezwen fèt nan divès komisyon tankou Komisyon Bidjè ak finans, kominikasyon ak relasyon piblik, jiridik, lajenès, edikasyon, ak revizyon si mwen ka site sila yo sèlman. Pa bliye kenbe anba ponyèt nou dokiman tankou Lwa kreyasyon Akademi kreyòl la ak Règleman entèn akademi an. Materyèl sa yo genyen materyo ak zouti n ap bezwen pou fonksyònman ak rapò nou avèk divès endividi ak lòt antite nan zantray enstitisyon Akademi KreyòlAyisyen an.
Pa manke espas pou noumenm nouvo Akademisyen yo vin itilize konesans, konpetans, eksperyans ak pasyon nou genyen pou devlòpman ak avansman lang kreyòl la. Kèlkeswa nan domèn nou maton an, n ap kapab itlize li nan akademi an, paske gen anpil domèn ak disiplin lasyans lang kreyòl la bezwen pale langaj yo. Pami nou 10 nouvo akademisyen parèy mwen yo, si nou debake ak konesans fizik nikleyè, lasyans wobotik, oswa syans ijyèn ak ibanizasyon, poutèt nou vle fè tout sa nou konnen an kreyòl epi fè yo pale kreyòl, enben nou rive nan bon kote k ap tann nou pou nou vin travay, epi mete men nan pat la, wi.
Wè pa wè, nou bezwen manm ki ka travay pou fè kreyòl itil nan pwogrè popilasyon an, pou ede chak ayisyen reflechi sou latriye pwoblematik ki devan yo, devan sosyete a, epi devan peyi a. Lasyans, listwa ak eksperyans montre ki jan se lang matènèl ki premye zouti moun bezwen pou rete pwodiktif, epi fè konesans ak anviwònman kote yo leve. Konsa, bay lebra, kole zepòl, kole sèvo anndan Akademi Keròl Ayisyen se bon wout pou pwodui epi simaye travay ak aksyon k ap mennen lang ak kilti a pi lwen, pi devan.
Atò a, fòk nou pouse kreyòl kòm zouti pou aprantisaj tout kalite. Kòm zouti aprantisaj pou alfabetizasyon ak konsyantizasyon nan mitan lokitè yo. Pawòl la di:“ Moun ki gen konesans toujou pi swaf pou yo aprann epi laji eksperyans yo.” Kidonk, akòz konesans lang lan ak syans lengwistik se bon zouti pou travay lang lan, pare pou nou aprann plis ni sou lang lan ni sou lengwistik.
Ositou, poutèt Akdemisyen yo, sekretarya ekzekitif la, konseye konsiltatif yo ak lòt antite yo ap simen enèji ak pasyon , AKA se yon enstitisyon ki chaje ak vitalite. Nou konte sou nouvo enèji nouvo Akademisyen yo ap pote, antanke pwofesyonèl ki vle kontinye dekouvri lang lan nan etidye li pi plis. Sonje mete nan djakout nou kapasite pou travay nan ekip, pou amonize latriye ide, epi pou fè limyè djayi.
AKA plis konsantre sou mete yon gramè ak yon diksyonè deyò. Plis enfòmasyon ap vini sou materyèl sa yo pi devan.
Pa manke espas ak travay pou fè anndan enstitisyon Akademi Kreyòl Ayisyen an. Chwazi yon komisyon pou nou kapab ale aplike konpetans nou ladan yo.
Egal, nan mitan nou genyen ki pwofonde nan domèn dwa ak kesyon lalwa, nan lengwistik ak administrasyon. Kòm nouvo Akademisyen, non sèlman nou rive ak konesans, kapasite, ekspètiz ak eksperyans nan trajektwa lavi nou, men tou nou vini tou pare pou nou rapousuiv vizyon ak misyon AKA (ti non jwèt pou Akademi Kreyòl Ayisyen).
Pouse kreyòl ayisyen anba kontribisyon lokitè natif natal ak limyè lasyans se misyon ak vizyon AKA pou lang lan. Nou konnen lang kreyòl la soude noumenm ayisyen. Menm jan lang lan soude tout ayisyen yonn ak lòt la, se menm soudi/siman sa a k ap tounen fòs, kouraj, konesans epi zouti pou ede nou rapousuiv devlòpman li.
Boutofen, M ap di mèsi pandan m ap envite nou vin pran wou, pikwa ak traktè lengwistik nou pou n al plante nan jaden lang ak kilti kreyòl ayisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen an.
Mwen vle fini ak menm kout “ Onè, respè!” mwen te fè nan derapman diskou mwen an. Mèsi poutèt mwen te jwenn okazyon fè nouvo Akademisyen yo konpliman.
Yvon Lamour
30 jen 2022
Cambridge, Massachusetts, peyi Etazini
NDLR : 10 Akademisyen ak Akademisyèn sa yo se: Régine Duroska Murray (Akademisyèn), Sandra Duval (Akademisyèn), Marie Jeanne Léo Louis Charles (Akademisyèn), Chantal Hirsch Noël (Akademisyèn), Jean Robert Placide (Akademisyen), Altagrâce Payen Auguste (Akademisyen), Norah Amilcar Jean François (Akademisyèn), Lyonel Desmarattes (Akademisyen), Yvon Lamour (Akademisyen) ak Al Duniel Dimanche (Akademisyen).